Lè w ap konpile leksik mo pou yon glosè, oswa diksyonè, youn nan premye etap yo se kolekte lis mo yo. Se lis mo yo ki pral ede w konnen ki kantite travay ou genye pou w fè. Nan atik sa a nou pral pale de lis 100 mo ki pi popilè nan lang kreyòl la, daprè lis nou te itilize a. Rezilta a sanble ak lis 100 mo anglè ki pi popilè yo tou, ansanm ak lis 100 mo fransè ki pi popilè yo. Kidonk, nou pa di konpilasyon sa se li ki pi pi egakt, men li gen anpil bagay enteresan nou kapab tire de lis sa a.
Ki kote nou jwenn mo yo
Pou n te ka rive kolekte mo pou diksyonè definisyon e miltileng Creole101 lan, nou te fè konpilasyon anpil atik, tèks, liv, chapit nan Bib, blòg, jounal sou entènèt, liv ak bwochi sou JW.ORG, tèks nan Wikipedia, tèks Emmanuel Verdrine ekri, tèks Degraff ekri, nan tèks powèm, chante, tèks Morice SIxto, nan ansyen mesaj SMS, ak anpíl lòt sous ankò…. Lis mo yo te rive jiska plis ke mwatye milyon mo oswa plis ke 500 000.
Kèk patikilarite lang kreyòl la
Kòm ou konnen ke lang kreyòl la gen anpil omonim, sa vle di anpil moun ki sonnen menm jan, men ki pa vle di menm bagay. Oubyen nou ta ka di tou, gen anpil mo ki gen plizyè definisyon, sa vin fè mo sa yo konte anpil fwa. Nou ap pran sa yo an konsiderasyon. Men lis 100 mo kreyòl ki pi popilè nan lang kreyòl asyisyen an.
Men lis 100 mo ki pi popilè yo ak pati nan diskou oswa nati ak fonksyon yo ak kèk egzanp tou
- yo Yo pran premye pri a, nou konnen li se yon atik defini, pwonon pèsonèl, epi li se pwonon endefini tou.
- nan prepozisyon
- pou prepozisyon
- yon Yon se atik endefini.
- a M panse a t ap pran premye plas la, avèk plis ke 6 definisyon, premye lèt, men se pa t sa.
- te vèb. Se yon oksilyè oswa yon mo nou mete ak lòt vèb pou make tan pase. Li se pase vèb “se (èt)” tou. Gade “12- se”
- ak konjonksyon
- li Se pwonon pèsonèl pou fi, gason, pou objè. Se pa etónan li pami 10 premye yo.
- sa adjektif demonstratif
- pa advèb.
- ap oksilyè. Li make tan pwogresif, ak tan fiti, sitou fiti pwòch,
- se vèb. Pou montre yon atribi: Egz.: Mwen se doktè. Men li souzantandi nan anpil fraz tou. Egz.: Mwen malad (nou ta dwe di” Mwen [se] malad) Kay la blan (nou ta dwe di: “Kay la se blan”. Si n t ap konte l ansanm ak “s’ (Egz.: Li s’on bon moun” li ta kapab nan 10 premye yo. Si nou t ap mente se ansanm ak te epi ak s’, san n pa konte kote li souzantandi yo, li t ap pran premye plas la nan mo ki pi popilè yo. Nan lang anglè a, be oswa to be se 2yèm mo ki pi popilè.
- moun non. Se premye non nan lis la. Li ede n anpil, li tradui: pèsonne, gens, humain, un être, quelqu’un… elatriye. Se pa san rezon li se premye non nan lis la.
- ou pwonon pèsonèl
- la atik defini oswa detèminan
- an atik defini oswa detèminan
- sou advèb.
- lè non. Li kapab lè n ap respire, li kapab lè nan tan. Li kapab advèb tan tou: Egz.:Lè w vini n a pale.
- e konjonksyon.
- tout advèb.
- mwen pwonon pèsónèl. “Mwen” ta ka gen yon meyè plas si n te konte l ansanm ak “m’
- di vèb. 2yèm vèb nan lis la. Men li se adjektif tou, e li ka gen lòt nati tou, tanou nan “Afrik di Sid”
- men advèb.
- si Konjonksyon.
- lòt advèb.
- bay v. Si n te mete l ansanm ak “ba”… li ta ka vin anvan.
- epi Konjonksyon.
- oswa konjonksyon.
- menm advèb. Yo itilize l plis ak pwonon yo pou mete aksan (oswa bay plis fòs) a sa n ap di. Egz.: Se mwen menm ki mèt kay sa a.
- bagay non.
- anpil advèb.
- vin vèb. Se abreje pou vini. Si n t ap konte yo ansanm, li vini t ap gen meyè plas.
- pran vèb.
- de adjektif nimeral. non. prepozisyon, pa egzanp: Peyi d Ayiti. Men nou pa t konte “d” oswa “d'” avèk li.
- ta advèb./vèb oksilyè. Yon mo pou make tan kondisyónèl. Egz.: Si m te gen lajan, mwen ta pati.
- pi advèb.
- dwe vèb.
- bon Adj. Sa gen “bòn” ladan l tou.
- kote non. / advèb.
- pale vèb.
- ti adjektif. advèb. Egz.: Ban m ti kal; Ti Jan; Ann fè yon ti pale.
- travay non. /vèb.
- wè vèb
- pase non./vèb.
- tou advèb.
- san advèb.
- vle vèb.
- ede non.
- peyi non.
- byen advèb.
- manje n. Nou pa ka viv san ou.
- pral vèb oksilyè. Li make tan fiti.
- plis advèb.
- lang non.
- pitit non. Se youn nan mo kreyòl yo pi byen ekri, li pa gen varyasyon…
- mo non.
- rive vèb,
- mete vèb.
- tèt non. Nou jwenn li tou nan eskpresyon tankou: pou tèt mwen, li ap pale ak tèt li….
- avèk konjonksyon.
- pandan advèb.
- renmen vèb. Mmh! Nou renmen mo sa a.
- tankou advèb.
- tibebe non.
- sèvi vèb.
- èske advèb.
- chak advèb.
- tan non.
- pwoblèm non.
- montre vèb.
- apre advèb.
- paske advèb.
- bezwen non. vèb.
- aprann vèb,
- toujou advèb.
- non non. / advèb.
- ale vèb.
- youn adjektif, pwonon endefini.
- lavi non.
- mande vèb.
- liv non.
- egzanp non.
- rele vèb. Egzanp: Koman w rele? M ap rele w nan telefòn. Li rele byen fò: Osekou!
- timoun non.
- ekri vèb.
- yè advèb.
- premye adjektif nimeral òdinal.
- sòti vèb.
- rete vèb.
- pawòl non.
- ba non. adjektif.
- lèt non.
- anba advèb.
- lekòl non.
- panse vèb.
- pye non.
- pati vèb.
- enpòtan adjektif.
- ni advèb.
- santi vèb.Egz: Kòman w santi w? Flè sa a santi bon.
Kèk limit ki genyen nan lis sa
Powgram nou itilize a te inyore aksan yo. Donk “bon” te konte asnam ak “bòn”. Apa de “a”, ak “e”, nou te retire anpil mo ki gen yon sèl lèt nan lis la, piske yo se sitou abreje lòt mo: tankou: m, n, o, è, l, d, s, w, y elatriye. Pifò te ka pami 30 premye mo ki pi popilè yo. Epi nou te retire tout non pwòp yo, tankou “Ayiti”, sanble anpil tèks nou te itilize yo te pale de Ayiti (se sa k fè w ap wè popilarite l se 72.) e anpil lòt tèks te pale sou Labib (anfèt, te gen ant 20 a 50 chapit nan Bib la ki te pami 500 000 mo yo tou. Se sa k fè, lè w gade definisyon yon mo, w ap wè popilarite l; popilarite sa a ap diferan de sa nou itilize nan paj sa a.
Konklizyon
Si w ap aprann pale kreyòl, ou se yon lenguis, oswa yon jèn k ap etidye lang lan nan lekól. li ap non anpil pou w byen metrize lis sa a. Paske nou ap jwenn mo sa yo anpil kote. Si w renmen lang kreyòl la, ti lis sa a sèlman ka fè w wè yon pakèt defi moun k ap fè diksyonè yo, oswa leksikograf yo jwenn, nan lang kreyòl la
An reyalite, nou te vin ajoute plis mo toujou nan diksyonè Creole101 lan. E lis sa a tou pa teni kont de mo konpoze ak ekspresyon yo. N ap pote kèk bèl lòt statistik pou ou. Retounen ankò. ;-).