• A Pwopo
  • Akèy
  • Cart
  • Checkout
  • Kontakte Nou
  • My account
  • Shop
Advertisement
Creole101
No Result
View All Result
No Result
View All Result
Creole101
No Result
View All Result
Home Kreyòl Ayisyen Konsèy

Kòman pou m ekri powèm?

Louis Duperrier by Louis Duperrier
February 14, 2022
in Konsèy, Kreyòl Ayisyen, Literati
0 0
41
0
SHARES
3
VIEWS
Share on FacebookShare on Twitter

English | Español | Français
Èske w te janm anvizaje genyen premye pri nan yon konkou pwezi? Menm si w pa powèt, ekri yon bon powèm ki pale de nenpòt bagay ou renmen, se pa yon travay difisil jan w ka panse sa. An reyalite, ekri powèm pa vini ak yon manyèl oswa yon gid. Ekri powèm soti tou dwat nan kè w.
Chita, pran yon kreyon ak yon fèy papye blan e fè yon ti refleksyon. Kisa w panse kounye a? Ki pi gwo pwoblèm ou ap andire ? Ki pwoblèm mond lan ap rankonte kounye a? Si w pa santi w enspire kounya a, pa fòse ekri. Se bagay ki pi mal ou te ka fè tèt ou. Lè w ap ekri ou bezwen pou w byen detann ou.
Anvan menm ou kòmanse ekri, epi petèt genyen konkou powèm nan tou, pèmèt mwen prezante w kèk mo teknik yo itilize nan pwezi. Èske w deja wè yon sonè ? Oswa, ou te deja tande pale de ayikou ? Non, mwen pap pale grèk. Se yon seri fòm popilè nan pwezi ki te kreye depi plizyè syèk.
Se de pwen debaz ki konpoze pwezi. Ritm ak mèt. Anrapò ak ritm, mwen pa kwè mwen gen anpil bagay pou m di. Nou jwenn ritm toupatou bò kote nou. Nan statyon otomobil, nan lekòl, nan biwo, menm andedan kò nou. Kè nou se yon batè ki pa janm pran souf … Mèt la li menm se stikti, stil ou fòm ritm yo pran. Li varye de yon powèm a yon lòt.
Gen plizyè stil ekri e gen anpil figi nan langaj tou. Metafò, alegori, paralelism se kèk nan sa ki itilize plis yo. Mwen pral ba’ w de egzanp pou w ka konprann pi byen.
“Bibit li di tankou yon wòch” → Sa a se yon paralèl.
“L ap farinen chen ak chat” → Sa a se yon metafò.
Mwen panse ke ou wè pwen an.
Anfen, mwen pral eseye ba’ w kèk mezi jeneral pou ede w òganize ide w pou w kòmanse ekri powèm lan.

Premye etap

Tankou nou te di sa pi wo a, eseye detann ou … Pinga w presipite… Pèsòn moun pap kouri dèyè w … Anvan w chita pou w ekri, pran yon bon beny, koute chante prefere w yo nan lektè MP3 oswa fè nenpòt lòt bagay ki ka detann. Se toujou yon bon ide pou jwenn yon bagay pou detann ou, sa ap ede w konsantre.

Dezyèm etap

Pran fèy papye ki devan w lan epi kòmanse ekri sa k vin nan tèt ou. Wi, nenpòt bagay ! Sonje ke lè ou fini ak redaksyon powèm sa a w ap konsidere l tankou pitit ou. Ouvri kè w. Pa eseye pou w tou jwenn mo egzakt pou w rime powèm nan kounye a. — Se pa tèks yon chante w ap ekri ki ap bezwen pou w rime l. — Epi pote chanjman yo aprè si sa a nesesè.

Twazyèm etap

Fòk powèm nan bèl, se sa ki pi enpòtan… Al’ chèche tout bèl souvni w te genyen nan vi ou jouk rive jodi a … Ou ka menm pran move souvni tou… Panse ke ou se yon pent. Sonje lè ou te yon timoun e w te konn desine gwo kay, bèl forè vèt, tèt mòn ki chaje nèj … Sèlman, fwa sa a, penso w se kreyon w. Mwen ap repete l ankò, ouvri kè ou. Gen yon pati nan ou menm nan powèm lan. E tout sa ou gen nan kè ou pa ka pa bèl.

Katriyèm etap

Pataje travay mantal ou a. Sa lòt moun panse toujou enpòtan. Fè kèk zanmi w wè powèm ou an e mande yo sa yo panse de li. Sof si ou panse ke sa w ekri a twò pèsonèl pou menm meyè zanmi w oswa yon sè w pa ta ka li l. Sa depann de ou menm. Men, an jeneral, montre powèm ou an a pi bon zanmi w e li l pou lòt moun tande ap ede w anpil. Sa ap amelyore ou menm kòm yon ekriven e l ap ankouraje w pou w renmen ekri plis toujou. Èske w ka imajine si okenn nan powèt yo pa t’ janm pibliye travay yo ? Mond lan an antye t’ ap vid e li t’ ap pòv mantalman.

Pou powèm ou an ka yon inovasyon, Sonje sa a

Ou kapab fè yon bagay. Ou ka ekri sou sa ou vle. Si w kwense e ou pa gen ide pou w kòmanse travay, fè yon ti pwomenad nan yon pak. Gade tout moun ki bò kote w. Obsève yo. Gade yo tou dwat nan je yo. Je pa janm bay manti. Bagay konsa ka enspire w e motive w anpil. Lè ou wè tout bagay enjis ki ap fèt devan ou, lè ou wè povrete, lè ou wè timoun k’ ap kriye,… pran penso w. E ekri ak tout kè w … Tout sa ki soti nan fon kè w pa ka pa bèl.

Tags: kòman pou m fèkreyòl ayisyenlanglang kreyòlpowèm
Previous Post

A pwopo

Next Post

Non – Grame kreyol ayisyen

Louis Duperrier

Louis Duperrier

Next Post

Non - Grame kreyol ayisyen

Please login to join discussion

Stay Connected test

  • 23.9k Followers
  • 99 Subscribers
  • Trending
  • Comments
  • Latest
Pon

Gramè kreyòl – Pwonon

June 12, 2023

Gramè kreyòl – Detèminan

January 20, 2022
Haiti of Yesterday

Ann aprann sou Ayiti ak kilti li nan “Ayiti Dantan”

February 2, 2022
Sèvolan oswa kap tout koulè

Gramè kreyòl – Prepozisyon

January 20, 2022

Lwazi timoun epòk pase yo ann Ayiti

6568

Comment bien lire et écrire le créole haïtien

598
Fè yon ti egzèsis !

Fè yon ti egzèsis !

146
Lekti kreyòl

Fason pou w byen li e ekri kreyòl ayisyen

71

Jwèt timoun tan lontan ak distraksyon jodi a: avantaj ak enkonvényan

February 14, 2022

Lwazi timoun epòk pase yo ann Ayiti

February 2, 2022

Lis 100 mo kreyòl ki pi popilè yo

February 14, 2022
Haiti of Yesterday

Ann aprann sou Ayiti ak kilti li nan “Ayiti Dantan”

February 2, 2022

Recent News

Jwèt timoun tan lontan ak distraksyon jodi a: avantaj ak enkonvényan

February 14, 2022

Lwazi timoun epòk pase yo ann Ayiti

February 2, 2022

Lis 100 mo kreyòl ki pi popilè yo

February 14, 2022
Haiti of Yesterday

Ann aprann sou Ayiti ak kilti li nan “Ayiti Dantan”

February 2, 2022
Creole101

We bring you the best Premium WordPress Themes that perfect for news, magazine, personal blog, etc. Check our landing page for details.

Follow Us

Browse by Category

  • Ayiti
  • Ayiti Dantan
  • Divès
  • Divètisman
  • Entènèt ak teknoloji
  • Gramè
  • Gramè
  • Kilti
  • Konsèy
  • Kreyòl Ayisyen
  • Lasyans
  • Literati
  • Literati
  • Littérature

Recent News

Jwèt timoun tan lontan ak distraksyon jodi a: avantaj ak enkonvényan

February 14, 2022

Lwazi timoun epòk pase yo ann Ayiti

February 2, 2022
  • A Pwopo
  • Akèy
  • Cart
  • Checkout
  • Kontakte Nou
  • My account
  • Shop

© 2024 Web design & Translation by SEO2K.com |

Welcome Back!

Login to your account below

Forgotten Password?

Retrieve your password

Please enter your username or email address to reset your password.

Log In
No Result
View All Result
  • A Pwopo
  • Akèy
  • Cart
  • Checkout
  • Kontakte Nou
  • My account
  • Shop

© 2024 Web design & Translation by SEO2K.com |