Manage Cookie Consent
To provide the best experiences, we use technologies like cookies to store and/or access device information. Consenting to these technologies will allow us to process data such as browsing behavior or unique IDs on this site. Not consenting or withdrawing consent, may adversely affect certain features and functions.
Functional Always active
The technical storage or access is strictly necessary for the legitimate purpose of enabling the use of a specific service explicitly requested by the subscriber or user, or for the sole purpose of carrying out the transmission of a communication over an electronic communications network.
Preferences
The technical storage or access is necessary for the legitimate purpose of storing preferences that are not requested by the subscriber or user.
Statistics
The technical storage or access that is used exclusively for statistical purposes. The technical storage or access that is used exclusively for anonymous statistical purposes. Without a subpoena, voluntary compliance on the part of your Internet Service Provider, or additional records from a third party, information stored or retrieved for this purpose alone cannot usually be used to identify you.
Marketing
The technical storage or access is required to create user profiles to send advertising, or to track the user on a website or across several websites for similar marketing purposes.
Manage options Manage services Manage {vendor_count} vendors Read more about these purposes
View preferences
Opt-out preferences Privacy Policy {title}
  • A Pwopo
  • Akèy
  • Cart
  • Checkout
  • Kontakte Nou
  • My account
  • Shop
  • Tradiksyon
Creole101
No Result
View All Result
No Result
View All Result
Creole101
No Result
View All Result
Home Kreyòl Ayisyen Ayiti

Fason pou w byen li e ekri kreyòl ayisyen

Louis Duperrier by Louis Duperrier
January 20, 2022
in Ayiti, Gramè, Kreyòl Ayisyen
0 0
71
Lekti kreyòl
1
SHARES
0
VIEWS
Share on FacebookShare on X

Pwononsyasyon lang kreyòl la pap yon gran pwoblèm pou ou ditou, si w deja konn pale kreyòl, konn li anglè oswa yon lang latin. Li prèske ekri tankou fonetik, sa vle di tout son ekri menm jan, san eksepsyon (prèske menm jan ak lanng grèk e espànyòl.) Pi ba a nou pral wè kèk prensip ak kèk egzanp pou nou kapab li e ekri kreyòl dlololoy 

  .

  • Règ: Gen Yon siy pou chak son.
  • Règ: Menm siy lan pou menm son an.
  • Règ: Nanpwen lèt ki bèbè.
  • Règ: Chak lèt rete nan wòl li.
  • Kèk pyèj pou nou evite
  • Varyasyon
  • Aksantegi
  • Aksan grav oubyen aksan fòs
  • Byen pwononse atik defini yo
  • Apostwòf (‘) ak tirè (trè d inyon) (-)
Prensip pou w li ak ekri kreyòl byen.

Genyen kat règ fondamantal pou w konnen pou w li kreyòl trè byen. Si w suiv yo, w ap kapab li e kri tout mo kreyòl trè byen 🥷

  .

1. – Règ: Gen Yon siy pou chak son.

An kreyòl gen yon siy pou chak son nou itilize nan lanng lan. Prèske tout siy sa yo nan alfabè a. Se sak fè alfabè a gen 30 lèt! Donk, nou kapab ekri tout mo kreyòl ak 30 ki nan alfabè a. 😯

Ou pap jwenn egzanp konsa an kreyòl:

Anglè: baby | bathroom  

Kote lèt sa yo “ba” pwononse yon fason ki diferan nan chak mo yo.

Fransè: femme | femelle 😲

Kote lèt sa yo, “fe”, pwononse yon fason ki diferan nan chak mo yo.

2. – Règ: Menm siy lan pou menm son an.

Si mo yo pwononse menm jan, donk, y ap ekri menm jan an. Ebyen, lè sa a mo yo ap omonim: yo ekri menm jan an men yo gen sans diferan.
Egzanp avèk mo “jan”:
Frè m lan rele Jan. — La a “Jan” se yon non moun.
Ki jan de moun li ye? — La a “jan” kapab siyifi “tip”.

Egzanp ak mo “li”:
Mo “li” a kapab gen yon dizèn sans.
Li kapab yon vèb: Mwen konn li (fr: lire, en: to read, es: leer )

Li kapab yon pwonon pèsonèl 3èm pèsòn sengilye: Jan malad, li ale lopital. Mari se doktè, l ap pran swen Jan.
(abreje: l; fransè: il, elle; anglè: he, she, it; espànyòl: él, ella )
Konsa li kapab ranplase yon gason, yon fanm, yon bèt oubyen yon objè.

Li kapab yon pwonon objè 3èm pèsòn sengilye: Jan di li tout doulè li santi.
(fransè: lui, le, la; anglè: him, her, it; espànyòl: él, ella )

E latriye…

3. – Règ: Nanpwen lèt ki bèbè.

Ou dwe pwononse tout lèt lè w ap li kreyòl, pa gen lèt ki bèbè. Sonje, alfabè kreyòl la gen 32 grafèm!
Ou pap jwenn egzanp konsa an kreyòl:

Fransè: La bouche est pleine | La a, lèt “e” a bèbè, yo pa pwononse l.:-°
Kreyòl: Bouch li plen. (si w ekri “bouche”, ou ekri yon mo ki diferan de bouch)

4. – Règ: Chak lèt rete nan wòl li.

Se pati sa a ki kapab yon pwoblèm pou kèk moun: an kreyòl, chak lèt dwe rete nan wòl li, oubyen yo dwe konsève son pa yo.

Egzanp: genyen. Èske li pwononse “gen|yen”? oubyen “ge|nyen”?
Repons lan: Sekrè (klike pou w ka wè l)yo di “gen|yen” paske mo a ekri ak 4 lèt: g|en|y|en

Egzanp: chany. Èske li pwononse “chan-y” (yon silab)? oubyen “cha|ny” (2 silab)?
Repons lan: Sekrè (klike pou w ka wè l)yo di “chan-y” (se yon moun ki konn netwaye soulye).

Sonje sa: an kreyòl, yo pa janm fè yon silab avèk yon konsòn + lèt “y” la: by non, men bi, wi; chy, non, men chi, wi!

Tout kote w wè “y” yo pa janm pwononse l kò “i” pou kont li.
Eseye pwononse mo sa a:
peny… Sekrè (klike pou w ka wè l)“pen-y” (yon silab; yon objè pou demele cheve, penyen tèt) e non “pe|ni”

Egzanp: cheni. Èske li pwononse “chen|i”? oubyen “che|ni”?
Repons lan: Sekrè (klike pou w ka wè l)yo di “che|ni” (se yon ensèk ki pral tounen papiyon).

Devan tout vwayèl yo, eksepte demi-vwayèl “y” ak “w”, yo toujou itilize “an”, “en”, “on” tankou 2 lèt. An kreyòl, yo pa janm fè yon silab avèk yon konsòn + lèt “y” la.
Se sa k fè yo pwononse “pèsonèl” [pè|so|nèl] e non “pè|son|èl”.
E yo pwononse bonè “bo|nè e non “bon|è”
Men yo di: “anyen” [an|yen] e non [a|nyen]
“manyè” = [man|yè]; “mànyè” = [mà|nyè]
Emànyèl e non Emanyèl
E latriye…

Dèyè mòn gen mòn

Dlo Mòn

5. – Kèk pyèj pou nou evite

Li ap bon anpil pou w sonje pwen ki vin piba yo (sitou pou moun ki abitye li fransè):

  1. AN ak ÀN – Sonje sa a: “an” se yon lèt tandiske “àn” se de lèt (à (a aksan fòs) ak n). Gen diferans ant “dan” (moun genyen plizyè nan bouch yo) ak “Dàn” (Gen fi ki rele Dàn).
  2. E – e toujou pwononse ak bouch ouvè (tankou “é” an fransè) Egzanp: lave (netwaye ak dlo); mache (deplase…)
  3. EN ak ÈN – Sonje sa a: “en” se yon lèt tandiske “èn” se de lèt (è ak n). Gen diferans ant “ren” (ki ka siyifi senti) ak “rèn” (madanm yon wa).
    Lòt mo difisil: lane [la-ne]; manyen [man-yen] – manyè [man-yè] – mànye [mà-nye] – mànyè [mà-nyè]; anyen [an-yen]; genyen [gen-yen]; mennen [men-nen]…
  4. G – g toujou pwononse yon fason ki “di”, tankou nan gason. Egzanp: gè (fransè “guè”, se pa jè) – lajè; figi (fransè: figui, se pa fiji) – ajil.
  5. J – j pa janm pwononse tankou l gen yon son “d” devan l. Si w ap ekri mo fransè “jazz“, w ap ekri “djaz” e non jaz.
    Si w ap ekri mo anglè “job” (travay), w ap ekri l djòb e non jòb. (Anfèt, si w ekri l dènye fason an, se yon lòt son ou ekri. Apwopo, Jòb se non yon moun, li pa vle di travay.)
  6. IN – Sonje sa: “in” se de (2) lèt, li pa janm pwononse kòm lèt “en”. Yo di machin “ma|chi n” e non machen….
  7. R ak W – yo pa janmm mete r devan o, ò, on, ou ak oun. Men yo toujou mete w de preferans. (An reyalite, si w ta mete r devan yo, yo t ap bay prèske menm son an… men sa se yon fot an kreyòl). Yo ekri pwoblèm e non problèm; pwofesè e non profesè.
    Yo pa janm mete “r” devan “w”. Yo ekri: wa e non rwa; twòp e non trwòp…
  8. X – An kreyòl pa gen lèt “x”. Nou kapab fè tout prèske tout son “x” (fransè, oubyen anglè) ak “sk” oubyen ak “gz”. Yo pa di “explikasyon” men yo ekri “eksplikasyon”; yo pa ekri “extraòdinè” men yo ekri “ekstraòdinè””; yo pa ekri “exanp” men yo ekri “egzanp”.
  9. Y ak I – An kreyòl Se sèlman “y” yo itilize devan yon vwayèl, men yo pa janm itilize “i”. Egzanp: marye e non marie

6. – Varyasyon

An kreyòl gen anpil varyasyon nan mo yo. Gen varyasyon lè ke pou yon menm bagay, yon konsèp ou yon ide yo ekri yon mo deferan fason tou depan de nan ki zòn yon moun soti Ayiti, oubyen antouraj moun lan. Donk, varyasyon yo ekri e pwononse yon ti jan diferan, men yo gen menm sans lan e yo kòrèk gramatikalman.
Kèk varyasyon:
Semèn ak semenn, lanng ak lang; goch, gòch; jón ak jòn; anviwónman ak anviwònman; mond ak monn; fransè ak franse; anglè ak angle; espànyòl ak espayòl; chèn ak chenn, pànye ak panyen (pànye (pwononse kòm fransè “panier”) panyen), vèr ak vèt… e latriye. Yo chak gen yon ti varyason nan pwononsyasyon yo.
A pwopo, Novasyon ankouraje w pou w itilize tout pwononsyasyon ki vin an premye yo huh.png  .

7. – Aksantegi

Petèt lè yo pa t panse ke yo t ap bezwen aksantegi (“é” oubyen “ó”) nan lanng kreyòl la nan ane 1990 yo. Men yo itilize aksantegi sou de lèt sa yo kòrèkteman nan anpil bonjan ouvraj.
Aksantegi a fè nou kapab di “jón” (ki pwononse menm jan ak “jaune” fransè a), e nou pa oblije ekri “jòn”.
Nou ka di “énmi” si nou pa vle di “ènmi”. Nou ka ki “Amón”. Nou ka di “evénman”, nou pa oblije di “evènman”…
(An reyalite, se konsa anpil moun Pòtoprens pale ( ange.png  pa gen okenn diskrimasyon la a); poukisa pou yo oblije ekri “ò” lè ke nou ap di “o” kouramman? Se aksantegi a ki pèmèt nou ekri son yo.)

Li toujou bon pou w ekri aksan yo kòrèkteman. Men, kòman pou m fè jwenn li nan yon klavye òdinatè?
ó = Alt+162. Sa vle di (Byen senp): peze e kenbe bouton “Alt” a e tape 1, 6, 2 nan pati nimerik la.
(Plis detay) Sekrè (klike pou w ka wè l)Sa vle di peze bouton “Alt” la ak anilè men goch la toutpandan w ap peze 1, 2 3 youn apre lòt nan pati adwat klavye a (bouton nimerik yo). Non, ou pap ka fè l ak bouton anlè tèt lèt yo.) Rasire w ke bouton “Num Lk” (Number Lock) la aktive (ti limyè l la dwe limen; peze bouton “Num Lk” la, pou w aktive l oubyen dezaktive l). Si w ap itilize yon òdinatè pòtatif (“Notebook ou Laptop”), petèt ou dwe peze bouton “Fn” (fonksyon) an tou, lè sa a w ap jwenn bouton 1, 2 ak 3 a sou respektivman j, k ak l.)
ó = Alt+162 (ou Fn+Alt+162 pou òdinatè pòtatif)
Ó = Alt+0211
é = Alt+130
É = Alt+0201

8. – Aksan grav oubyen aksan fòs

Yo mete aksan fòs sou a, e ak o devan n pou nou kapab pwononse yo separeman kòm 2 lèt, lè nou pa vle pwononse yo respektivman kòm an, en ou on.
Yo di Antwàn (non yon gason) diferan ak antwan. “Àn” (non yon fi: Manman l rele Àn) diferan ak “an” (atik defini: Li manje pen an).

à = Alt+133 (ou Fn+Alt+133 pou òdinatè pòtatif) Pou plis detay, gade pi wo a nan “Aksantegi”.
À = Alt+0192
è = Alt+138
È = Alt+0200
ò = Alt+149
Ò = Alt+0210

9. – Byen pwononse atik defini yo

Anpil moun, lè y ap li kreyòl, pwononse l mo apre mo, konsa yo pa bay fraz yo sans yo e yo kapab pèdi sans fraz yo oubyen yo trebiche plizyè fwa sou yo waw.png  . Anpil fwa se ak atik defini yo yo gen pwoblèm.

Men atik defini yo: la (ki se atik debaz la), li chanje ou varye an “a, an, lan, nan” selon son ki vin avan li a.
Nou wè atik defini an plase apre non li detèmine a. Li kapab pran divès fòm daprè dènye son ki nan mo li detèmine a.

“La” apre yon konsòn oral: b, ch, d, f, g, j, k, l, p, r, s, t, v, z ak apre y epi w.
Egzanp : Kay la, solèy la, sik la.

“A” apre yon vwayèl oral: a, e, è, i, o, ò, ou; e apre ui tou.
Egzanp: po a, chou a, fi a, manje a

“Nan” oubyen “lan” apre yon konsòn nazal (m, n, ng). Egzanp: chanm nan, kann nan

“An” apre yon vwayèl nazal (an, en, on, oun). Egzanp : pen an, ban an, pon an
Nan fraz: Pawòl Jewova a di. Nou ap di “Je|wo|va a” (3 silab, dènye silab la ap pi lonng) e non “Je|wo|va| a” e non 4 silab.

10. – Apostwòf (‘) ak tirè (trè d inyon) (-)

Anpil lenguis antann yo pou dakò li pa nesesè pou sèvi ak tirè ni apostwòf nan mitan de mo oswa pou fè kontraksyon. Eksepte pou tirè ki kab sèvi espesyalman pou koupe yon mo ki nan bout yon liy ki fini rire.gif  .
Li pa nesesè pou w mete apostwòf aprè kontraksyon pwonon pèsonèl yo (mwen – m, ou – w, li – l, nou – n ak yo – y).
Pa ekri “machan-n”; ekri pito “machann”

Pa ekri “ba li’l”; ekri pito “ba li l”

Pa ekri “antan-n”; ekri pito “antann”

Pa ekri “pou’w”; ekri pito “pou w”

Nan menm ide a, sonje pou nou pa kole mo ki fè kontraksyon yo, konsa fraz la ap pi klè:
pa ekri “M pat al lavil yè” ou “M pa’t al lavil yè”; ekri pito “M pa t al lavil yè”

Nou pa oblije mete apostwòf (‘) nan kontraksyon vèb sa yo Ale -> al: Melani t al[e] lavil yè maten. Bay -> ba/ban : Bay kou bliye / Ban m 2 goud / Ba li afè l. Kapab -> ka/kab: Yo ka[pab/kab] kouri anpil. Konnen -> konn: Èske ou konn[en] moun sa a? Gade -> gad: Gad[e] jan misye chèlbè. Genyen -> gen: Jera gen[yen] anpil tan pou sa. Mete -> met: Met[e] rad sou ou, li fè frèt. Pote -> pot: Pot[e] komisyon an demen maten. Rete -> ret: Moun sa yo ret[e] Okap. Soti -> sot: Sot[i] kò w la! Vini -> vin: Jak vin[i] pran sa ki te pou li a.

Creole101 ankouraje mete kontraksyon nan yon seri de mo, pou rann fraz la pi klè, sitou mo ki ka gen pl
Pa ekri “M on ti jan fèb”; ekri pito “M ‘on ti jan fèb”, oubyen ekri l san kontraksyon “M yon ti jan fèb”.
Pa ekri: “E pa ou m te wè la a?; Ekri pito: “‘E pa ou m te wè la a?” ou “Se pa ou m te wè la a?
…Novasyon ankouraje mete kontraksyon nan yon seri de mo, pou rann fraz la pi klè
Pa ekri “M on ti jan fèb”; ekri pito “M ‘on ti jan fèb”, oubyen ekri l san kontraksyon “M yon ti jan fèb”. Pa ekri “E pa ou m te wè la a?”; ekri pito “‘E pa ou m te wè la a?”, oubyen ekri l san kontraksyon “Se pa ou m te wè la a?”

Tags: ekrikreyòl ayisyenlang kreyòllektipwononsyasyon
Previous Post

Non – Grame kreyol ayisyen

Next Post

Gramè lang kreyòl ayisyen

Next Post
Ayiti

Gramè lang kreyòl ayisyen

Please login to join discussion

Stay Connected test

  • 23.9k Followers
  • 99 Subscribers
  • Trending
  • Comments
  • Latest
Lwazi ann Ayiti: marèl

Lwazi timoun epòk pase yo ann Ayiti

6568

Comment bien lire et écrire le créole haïtien

598
Fè yon ti egzèsis !

Fè yon ti egzèsis !

146
Lekti kreyòl

Fason pou w byen li e ekri kreyòl ayisyen

71
Black Women speaking

Èske kreyòl ayisyen se yon lang?

June 12, 2023
apple laptop notebook office

Ki sa yon navigatè entènèt ye?

June 12, 2023
Timoun ap jwe deyò

Jwèt timoun tan lontan ak distraksyon jodi a: avantaj ak enkonvényan

February 14, 2022
Get Lean: Permanent Physique Transformation

Get Lean: Permanent Physique Transformation

January 25, 2022

Recent News

Black Women speaking

Èske kreyòl ayisyen se yon lang?

June 12, 2023
apple laptop notebook office

Ki sa yon navigatè entènèt ye?

June 12, 2023
Timoun ap jwe deyò

Jwèt timoun tan lontan ak distraksyon jodi a: avantaj ak enkonvényan

February 14, 2022
Get Lean: Permanent Physique Transformation

Get Lean: Permanent Physique Transformation

January 25, 2022
Creole101

We bring you the best Premium WordPress Themes that perfect for news, magazine, personal blog, etc. Check our landing page for details.

Follow Us

Browse by Category

  • Ayiti
  • Ayiti Dantan
  • Divès
  • Divètisman
  • Entènèt ak teknoloji
  • Gramè
  • Gramè
  • Health & Fitness
  • Kilti
  • Konsèy
  • Kreyòl Ayisyen
  • Lasyans
  • Learn English
  • Literati
  • Literati
  • Littérature
  • Uncategorized

Recent News

Black Women speaking

Èske kreyòl ayisyen se yon lang?

June 12, 2023
apple laptop notebook office

Ki sa yon navigatè entènèt ye?

June 12, 2023
  • A Pwopo
  • Akèy
  • Cart
  • Checkout
  • Kontakte Nou
  • My account
  • Shop
  • Tradiksyon

© 2024 Web design & Translation by SEO2K.com |

No Result
View All Result
  • A Pwopo
  • Akèy
  • Cart
  • Checkout
  • Kontakte Nou
  • My account
  • Shop
  • Tradiksyon

© 2024 Web design & Translation by SEO2K.com |

Welcome Back!

Login to your account below

Forgotten Password?

Retrieve your password

Please enter your username or email address to reset your password.

Log In