(Posse X)
Oulala! Sa k fè m kontan konsa?
Oulala! Gade kijan kè m an jwa!
Tanperaman m chanje, mwen sispann ranse
M pran lavi a au serieux fason pou m pa regrete
Toutes les privilèges que Bon Dieu m a donné
Mwen sispann fè matcho, kounze a m ap pouse pi wo
Lavi a twò bèl pou m nan tout vye komokyèl
Ala 'on mwen menm sa a, papa! Sa k ta di sa?
M pa kale kò m ankò, m pa vag lekòl ankò
Papa m avèk manman m fè m kredi
Kounye a yo wè m pa crazy
Tout zanmi m nan lari te konn rele m Ti crazy.
Kounye a lè yo wè m yo sezi
Sa vle di tanperaman m chanje!
(Refren)
Tanperaman nou chanje
Tanperaman nou chanje
Tanperaman nou chanje
Tanperaman nou chanje
(Top Tchookko)
Si w ta wè m nan lari, ou pa ta ka di de mwen menm
Sa se yon patnè a ki kapab fè mal menm a yon mouch
Ou pap ka vini mete bouch pou moun ta di "wouch!"
Sou atitid an mwen
De pi kèk tan m chanje tout abitid an mwen
M toujou souriyan
Epi vizaj mwen toujou briyan
Tout ti yanni, m pa eksite lòlòj mwen
M pa pote tòj men w pa bezwen yon mason lòj
Pou w wè ke lespri m pa fèmen nan kalòj
Men gen de bagay ke m pi renmen e menm twa
Bondye nan syèl la pwochen mwen e rap la
M ap bat pou m mache dwat
M pa frekante tout bwat
(Black sèks gen anpil danje) m pa sèvi ak latex
Menm prefere sèvi ak texte biblique qui di:
"Abstinans anvan maryaj"
Nan fason sa lavi m gen plis chans pou li pa yon gaspiyaj
Men sitou m rayi aji an blofè, en effet
Lè m ap fè yon bagay m vle pou l pafè
Se sak fè mwen fè yon fason pou m toujou a lè
Nan tout randevou, m ap mande ou èske ou
Pa wè ki jan sa fè bèl?
Se konsa m ye wi depi m te deside mennen yon vi nouvèl!
(Refren)
Tanperaman nou chanje
Tanperaman nou chanje
Tanperaman nou chanje
Tanperaman nou chanje
(MC Top Adlerman)
An han, mezanmi tanperaman m chanje
M ka di n, paske nèg gen plis maturité
Se vre lè m te fèt se pa konsa m te ye
I'm sure MC Top Adlerman become more strong
Lè mwen te tou piti mwen te konn pipi nan kabann
Manmi m met pampers nan dada m pou m pa mouye matla l
Kounye a mwen vin jènjan mwen santi jan m ka file fanm
Sa vle di manmi, papi, nèg vin gen plis maturité
Pèdi tan m griyen dan m pou nenpòt kisa
Bagay sa yo pa enpotan pou mwen kounye a
E l ta bon pou yon moun reflechi ak lavni l
Pou wè kijan y ap reyisi nan vi sa a
Vraiment mwen santi chanjman
Poukisa w ap pèdi yon bann tan
Paske MC Top Adlerman gen tan f'on pa an avan
An han, mezanmi tanperaman m chanje
M ka di n, paske nèg gen plis maturité
Se vre lè m te fèt se pa konsa m te ye
I'm sure MC Top Adlerman become more strong
(Money Honey Mike)
Mwen pap ranse, tanperaman m chanje
Plis matirite, abilite lè m ap rape
M pa gen tan pou politik, tan pou polemik
Lavi a twò kout e mwen bout avek tout kritik
Rumeur, railleur, malheur chak l'heure
Pou m bay bon bagay, bon travay tankou tout rapè
Money Mike, mwen tounen pou m fè w konnen
Mikwo sa, stilo sa, flow sa se pou mwen
Ou tande m byen, ou renmen m byen pa vre ?
Rayi m, egri m men pa di m rap sa pa bon vre
Bon pawòl nan bon kreyòl lakay
Pratik, taktik, teknik voye mind la high, san pay
Ou pat kwè sa, men san ou mwen toujou la gras a Jah Jah
M ap byen mennen anfen m ap bwè kòb mwen
Vi lavi m, jwi lavi m avèk madanm mwen
(Refren)
Tanperaman nou chanje
Tanperaman nou chanje
Tanperaman nou chanje
Tanperaman nou chanje
Related Song Lyrics:
Mesi by Original Rap Staff
Di Yo by Blaze One
Jewografi Dayiti by Blaze One
Alelouya by BIC
Boum by BIC
English, French, Spanish and Portuguese. Lots of sentence examples. Synonyms. Antonyms. Popular expressions.
Check our book What I can do with my hands in multiple languages...
Over 25,000 entries in the database. Updated every week!
Love, friendship, lovers, nice words, Jehovah, The Bible, Love SMS, SMS emoji