(Boum! 2016)
BIC
[Entwo]
Alright then
Nou den den den deng
[Refrebn]
Boum chakalakalalaka e
Genlè nou pap chape
Boum chakalakalalaka e e
O adye Bondye
Boum chakalakalalaka e e
Ole ole
1
Anba pano ki di machin pa kanpe la
Se la nou fè stasyon kamyonèt ak taksi moto
Anba pano ki di machann pa chita la
Se la nou vann pica pollo, pèpè ak boul gogo
Kote pou n pa antre se la nou fonse
Bote pou n pwoteje se li nou defonse
Nou tankou sèpan k ap mòde pwòp ke li
Kritike lòt la men nou pa pi pwòp ke li
Lakansyèl isit pèdi respè
Paske depi nan kindergarten yo fè n renmen on sèl koulè
Tèt byen fèt, tèt byen plèn pa alamòd
Paske tout jèn gason pito mache tèt kagoule
Timoun pa ka manje, nou pa mind
Granmoun ap manje dan aletranjè nou pa mind pi rèd
Rèv jenès la mouri nan pasay
Plis m ap fè pi bèl pwezi, se plis nou pi lèd
[Anvan-refre]
Rele legliz li pa reponn
Rele vodouyizan li pa reponn
Sosyete sivil li pa reponn
Mwen rele gouvènman li pa reponn
Tout moun nan peyi a okipe, yo tout sou entènèt ap tchat sou telefòn
[Refren]
Boum chakalakalalaka e
Genlè nou pap chape
Boum chakalakalalaka e e
Genlè peyi a pran boule
Boum chakalakalalaka e e
Adye Bondye
[Pon]
Nou fè tout vi nou ap fè sa ki pa nan enterè nou
Nou pase tout vi nou nan mete pwazon pou tèt nou
Nou anchene pye nou boum
Nou manje po pye nou boum boum
Nou pike kè nou boum
Nou rache popyè nou boum boum boum
Related Song Lyrics:
Mesi by Original Rap Staff
Di Yo by Blaze One
Jewografi Dayiti by Blaze One
Alelouya by BIC
Lèt konsyans by Blaze One
English, French, Spanish and Portuguese. Lots of sentence examples. Synonyms. Antonyms. Popular expressions.
Check our book What I can do with my hands in multiple languages...
Over 25,000 entries in the database. Updated every week!
Love, friendship, lovers, nice words, Jehovah, The Bible, Love SMS, SMS emoji