Konpliman - pa Top Adleman e Wolf Cool MC (Orijinal Rap Staff 1998)
(Top Adlerman)
Cheri, ou s'on fanm ki gen sèvo
Lespri w fèt an ti kawo
Pwofèt la pap janm sispann fè w konpliman!
Pou kalite w yo. Whatcha kraze m!
Eh eh!
Mwen ta renmen mande Bondye a kisa ke l t ap panse
Lè l t ap kreyew doudou, lè l t ap kreye w
Pami tout sa li te kreye ou se youn nan mèvèy ki etone m, doudou
K pi etone m
Ou gen tout sa m bezwen
Lè mwen avè w mwen santi m byen
(Gad'on idòl!)
Pou mwen ta repwoche w, an verite m pa wè anyen
Ou metrize kè mwen avèk lanmou ke ou ban mwen
M reyalize san ou m pa anyen!
(Ou s'on biblo!) Enh, enh...
(Refren, Wolf Cool MC)
Konpliman! ti doudou ke m ape fè w
Pou kalite konpreyansyon w pwosede eh
Konpliman! ti doudou ke m anvi fè w
(Depi w manyen m ou ban m anestezi, cheri)
Paske w s'on fanm ki trè rezève
Konpliman! ti doudou ke m ape fè w
Pou kalite konpreyansyon w pwosede eh
Konpliman! ti doudou ke m anvi fè w
(Whatcha kraze m!)
Paske w s'on fanm ... eh eh!
(Top Adlerman)
Oh cheri w nèf, ou sanble 'on Mercedes,
Anlè w seksi menm jan ak yon Lexus
E ti dada w won menm jan ak yon Tèt Bèf (Toyota)
De zye w klere tankou de limyè BM (BMW)
Doudou ou fè m fou
Pou tèt sa doudou m ap mache nan tout kafou
Tankou vyèj Mari m ap priye w twa fwa pa jou
Pou m kapab sanble avè w m pral rele tèt mwen "Adou"
Whatcha kraze m!
(Wolf Cool MC)
Konpliman! ti doudou ke m ape fè w
(Oh Bondye se yon timoun ou fè ak de men w!)
Pou kalite konpreyansyon ou pwosede eh
Konpliman! ti doudou ke m anvi fè w
(Timoun nan manyen m li fè tout kò m paralize, wi papa)
Paske w s'on fanm ki trè rezeve
Konpliman! ti doudou ke m ape fè w
(Gad'on ti dan dan l blan tankou yon tonm)
Pou kalite konpreyansyon ou pwosede eh
(Whatcha kraze m! Ou mèt antere m ladan l)
Konpliman! ti doudou ke m anvi fè w
Paske w s'on fanm ... eh eh!
(Top Adlerman)
Eh eh! Ou g'on bote krital, stereyo dijital
Nou fe lanmou amikal e pa w tankou ti brital
Le n ap danse yon ti bal m santi m sou yon pedal
Devan w mwen se yon kaporal, ou menm ou s'on jeneral
Woy! Ou valab! ou valab! Ti doudou, ou sèvyab.
Le n ap danse 'on ti bal ou fè m santi m konfòtab
Mwen di w valab! ou valab! ti doudou, w admirab!
Lè n ap manje sou tab ou fè m santi m konfòtab!
(Wolf Cool MC)
Konpliman! m di doudou ke m ape fè w
(Timoun g'on ti gou fwomaj)
Pou kalite konpreyansyon ou pwosede eh
Konpliman! ti doudou ke m anvi fè w
(Depi m goute l li voye m dans le nuage)
Paske w s'on fanm ki trè rezève
Konpliman! ti doudou ke m ape fè w
(Li g'on jan l pichkannen m, fò w ta wè! fò w ta wè!)
Pou kalite konpreyansyon w pwosede eh
(Oh Bondye!)
Konpliman! ti doudou ke m anvi fè w
Paske w s'on fanm...
(Top Adlerman)
Me sing
Whatcha kraze m!
Kraze m, kraze m, kraze m, kraze m!
Mwen santi m rich!
Oh, mwen santi m milyonè!
Mwen g'on pouvwa
Ah, pi plis pase 'on milyadè
Mwen santi m rich
Oh, mwen santi m milyonè!
Mwen g'on pouvwa
Ah pi plis pason milyadè
De pwofil, ou s'on sen
De fas, ou s'on anj
Lonje de men w ban mwen
M a manje w k'on zoranj
Wi!
Tout sa w posede, doudou, se bagay salad
Lè m pa manje yo cheri mwen santim malad
Ti zye leti, ti bouch kreson
Ti lang tomat, doudou, se pa w la k pi bon
Men de ti machyè w se diri ak djondjon
Pwofèt la pap janm sispann ba w konpliman
Me sing
(Wolf Cool MC)
Konpliman! m di doudou ke m ape fè w
(Oh Bondye! m pa ka kwè m ap viv non)
Pou kalite konpreyansyon ou pwosede eh
(M tankou yon moun ki fèt dan lespas!)
Konpliman! ti doudou ke m anvi fè w
(Gade 'on fanm)
Paske w s'on fanm ki trè rezeve
Konpliman! ti doudou ke m ape fè w
(Ou pral fè m pale fransè, wi:)
Vie de fleur, bonheur, remplie de saveur
J'aimerais pas que je... ton amour devienne amère
Car ton... souvent, tu me fais oublié la misère
Avec ton amour, ton amour rempli de chaleur
Mwen santi m rich!
Oh, mwen santi m milyonè!
Mwen g'on pouvwa
Woy! pi plis pase 'on milyadè
Mwen santi m rich
M pa konn kijan pou m kote lajan, non!
Mwen santi m... woy!
Pi plis pase 'on milyadè!
Ou valab, ou valab, ti doudou w admirab!
Lè n ap danse 'on ti bal m santi m sou 'on pedal
Mwen di w valab, ou valab, ti doudou w admirab
Lè n ap manje sou tab ou fè m santi m konfotab
Gade 'on fanm rich!
Gade 'on fanm rèd! Wouy!
Gade 'on fanm nice!
Gade 'on fanm djanm!
Me sing,
Gade 'on fanm!
Wouch, Bondye!
Fanm rèd!
Gade 'on fanm nice! oh!
Gade 'on fanm, Bondye!
Mwen santi m rich! ouh!
Oh, mwen santi m milyonè!
Mwen g'on pouvwa
Fò w ta wè kijan m santi m!
Mwen santi m rich
Woy, mwen santi m milyonè!
Mwen g'on pouvwa
Mezanmi, m poko mouri, m nan paradi!
Mwen santi m rich! oh!
Related Song Lyrics:
Mesi by Original Rap Staff
Di Yo by Blaze One
Jewografi Dayiti by Blaze One
Alelouya by BIC
Boum by BIC
English, French, Spanish and Portuguese. Lots of sentence examples. Synonyms. Antonyms. Popular expressions.
Check our book What I can do with my hands in multiple languages...
Over 25,000 entries in the database. Updated every week!
Love, friendship, lovers, nice words, Jehovah, The Bible, Love SMS, SMS emoji