A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #
Search:
Ti chans (pou Ayiti) - pa Masters of Haiti

(Baby One King)
Kòman nou ye? Kòman nou ye? Kòman nou ye?

(Refren, Moonlight & King D)
Nou mande 'on ti chans pou Ayiti (Seyè!)
Nou mande 'on ti chans pou sa chanje (pou sa chanje)
Yon ti chans pou lapè ka rénye (non, non, pou lapè ka rénye)
Yon ti chans pou bonjan van soufle
Nou mande 'on ti chans pou Ayiti
Nou mande 'on ti chans pou sa chanje
Yon ti chans pou nou jwenn libète (pou nou sa jwenn libète)
Yon ti chans pou lavi chè a bese

(MC BOP)
Prete m mikwo a tanpri pou m wè si m te kapab di
De twa mo pou Ayiti, gadon vye pti peyi
Pou Babilòn vin tonbe sou li
Fòk yo ta plat li, fòk yo ta kraze li
Yon kolòn lach k al an afè ak yon pakèt apach
Di dyab "bonjour!" l ap manje w
Pa di dyab "bonjour!" l ap manje w
Brother w, chalamamit?
Je vèt ap kalewès, se tousa ou peye an US
Pandansetan pèp la pakab manje yon bon diri ak grès
Ti jenès fòk nou kriye, rele! nou pa gen dwa pè pale
Lang nou se sèl zam nou posede pou n defann nou, peyi nou
Ann di yo: Bay sa w ka bay pa pwomèt sa w pap bay
Nan ki kan moun sa yo ye? nan ki kan pou n kanpe?
Nou fin pa dekouvri se zafè pa yo y ap regle
Se pa tanndat kat la pral bat
N al an afè ak yon kolòn diplomat
Nou twò piti pou'n konprann sa kap fèt la a
Je n pa klere ase pou n wè sa k ap pase la a
Tout sa ki ka wè yo fout tout kout milyon
Tout sa ki ka goumen yo fout tout nan prizon
Jodi a pa twò piti pou yo fè m sispann ekziste
M konnen yo ka di: Ti bonòm sa, lang li twòp pou li
Li pale twò gwo koze
Kite mele m yon nèg vle touye m
Sa pa gade m yon nèg vle elimine m
Ou ka'b tiye kò a men ou pap ka'b tiye nanm nan
M pa pè pè pap sou tè sa a paske m gen Sényè a
Yon ti chans m ap mande, yon ti chans souple
Ban n yon ti chans, si nou vle
Peyi n se pa nou

(Refren, Moonlight & King D)
Nou mande yon ti chans pou Ayiti (eee)
Nou mande yon ti chans pou sa chanje (yon chans, sa ase n bezwen)
Yon ti chans pou lapè ka reye
Yon ti chans pou bonjan van soufle (pou bonjan van soufle)
Nou mande yon ti chans pou Ayiti
Nou mande yon ti chans pou sa chanje
Yon ti chans pou nou jwenn libète
Yon ti chans pou lavi chè a bese

(Baby One King)
Kèt! moun sa yo genlè avèg, yo pa tande, yo pa wè
Men yo wè tou senpleman
Lè yo gen negosiyasyon lajan sèlman
Sepandan, yo pa janm kapab eseye koute
Lè ti pèp la ap kriye pou lavi chè a bese
Tandiske pou valè èd nou gen ki rantre
m ap mande ki kote lajan sa yo pase
Men di mwen non ki kote yo kache
57, that's it, de syèk an syèk ti nèg ap vin pi vòlè
Vin pi akrèk, malfektè, magouyè, blofè
De jou an jou, olye nou viv pi byen, n ap viv pi mal,
Jwèt la bosal, toupatou moun ap mouri soufri grangou
Paske bann sendenden yo, bann sankonsyans yo
Pa janm vle bay peyi a yon chans
Nou di ase, n ap rele anmwey!
Lage peyi a tanpri souple
Ban n yon chans

(Pon)
Blan! swa w la pou bon, swa w pa la,
Mon blan! Swa w la pou bon, swa w pa la
Blan! swa w la pou bon, swa w pa la,
Mon blan! Swa w la pou bon swa w pa la,
Ou mechan, ou mechan, ou mechan!

(Refren, Moonlight & King D)
Nou mande yon ti chans pou Ayiti (Se sa n ape chèche)
Nou mande yon ti chans pou sa chanje (o oh! o oh!)
Yon ti chans pou lapè ka renye
Yon ti chans pou bonjan van soufle (Yon ti chans, se sa ke ou bezwen)
Nou mande yon ti chans pou Ayiti
Nou mande yon ti chans pou sa chanje
Yon ti chans pou nou jwenn libète
Yon ti chans pou lavi chè a bese

(MC BOP)
Mwen retounen ankò
Ban mwen l vit, pa kite m fè jefò
Tcheke m mikwo a pou m plen pip yo
Bann tilolit, gwotrip yo
Konesans pa ni nan pye, ni nan ponyèt
Konesans se nan tèt!
Nou gen de je pou n gade e nou gen yon memwa pou n sonje
E nou pa gen dwa janm bliye mizè moun sa yo fè n pase
Nou se piti anba gwo, a chak fay nou K.O.
Nou gen twòp lidè visye
Nou pap janm gen yon nèg ankò tankou F.D. {François Duvalier}
Sispann vann peyi a an detay
Li ka bon pou ou, men li pap janm bon pou nou
Lajan an se nan pòch ou l pra l ye
Men mizè a se pou pèp la l pra l ye
Se pa tann dat pèp la ap lite, anpil tonbe
Rekonpans yo se lamizè, lavi chè, kout baton, imilyasyon
Reflechi byen, mes frères haïtiens
N ap viv nan kontinan ameriken
Premye pisans nan mond nan se les États-Unis
Tandiske la n ap pase mati
Anba men yo, anba pye yo
Poutan yo la, yo pa janm di yon mo
Sa ta sanble, s'on konplo
Pou voye nou tout nan peyi san chapo

(Pon)
Blan! swa w la pou bon, swa w pa la,
Mon blan! Swa w la pou bon, swa w pa la
Blan! swa w la pou bon, swa w pa la,
Mon blan! Swa w la pou bon swa w pa la,
Ou mechan, ou mechan, ou mechan!

(Baby One King)
Sa k ap pale an aksyon e la kriminalite
Tout zak teworis, zak bandi
Moun t ap gade nan TV
Tout vin reyalite an Ayiti,
Peyi a tou piti, li fin konwonpi
Lè w nan lari se lè w rantre ou konnen w sove
Nèg gwo pistolè ak gwo wouzi toujou prèt pou lage nèg atè
Touye yon nèg ki konsekan just pou yon ti lo lajan
N ap viv nan yon sitiyasyon kote tout moun an danje
Sivil kou militè, gran nèg kou malere
Se vi nou tout ki menase
Si n pa fè 'on jan pou n desitire grangou
Nèg gwo pistolè ap vin pi chimè

This Lyrics has been viewed 45 times

Related Song Lyrics:
Mesi by Original Rap Staff
Di Yo by Blaze One
Jewografi Dayiti by Blaze One
Alelouya by BIC
Boum by BIC

Share/Bookmark
Loading...

🔥 Creole101 Trending Music Charts Updated:

🇺🇸 Billboard Hot 100 (Top 10) Billboard
    🇭🇹 Haiti (Top 10)
      🌍 Top by Continent

                🌐 More Charts (Top 10)
                ...

                Translation and definition

                English, French, Spanish and Portuguese. Lots of sentence examples. Synonyms. Antonyms. Popular expressions.

                ...

                Reina's Book Series for Children

                Check our book What I can do with my hands in multiple languages...
                Over 25,000 entries in the database. Updated every week!