A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #
Search:
Refren, Lady R)
Fò n pale mezanmi, fò n pale
Fò n pale mezanmi, fò n pale
Men si n pa pale, n a toufe
Fò n pale mezanmi, fò n pale
Fò n pale mezanmi, fò n pale
Men si n pa pale, n a toufe

(MC BOP)
M santi yon bagay ki kenbe m nan gòj mwen wi
Si m pa pale, m ap toufe wi
Mare yo, lage mimi, mare mimi lage yo san zenpòtans
Anpil moun ap mache di ke yo se nèg serye
Men w pa fasil jwenn yon moun pou w fè konfyans
Magouy, twonpri, viz konfyans
Sa mache anpil pa bò isi
Bodyab Ayiti, kè m fè m mal anpil pou pitit li
K ap konbat chak jou pou yon chanjman de vi
Ala fò w fò bèl gason
Richès fè w pèdi tèt ou pi mal pase bweson
Les nègres affamés mangeront les grand-mangeurs
Ces paroles viennent du plus profond de mon coeur
Fè byen w a jwenn ak lavi, fè mal w a jwenn ak lanmò
Ou di m wòklò
Fò m di w ke m se yon brav
Yon vrè brav, m se desandan Kapwa Lamò (Capois la Mort)
M pa gen dwa pè lanmò
B.O.P. gen yon kreyon k san gòm
Lè m ekri, m ekri pou tout òm
Respè pou ou monsieur le président
Respè pou nou tout nan palman an
Chapo ba pou gouvènman an
N oblije reziyen n, se nou k te vote
Pa bliye sonje se ane k ap pase, fò w ale
Pa met nan tèt ou ke n ap negosye
Apre lapli se bon tan, apre livè se le prentan
Apre soufrans se delivrans
M ap tann yon dènye jou, ak la pawòl, m pwal desann fe w
Mare senti n, mare kanson n sere, lit la fèk kòmanse
Fanm vanyan, gason vanyan, an avan
Tonè kraze m an sann!
M tande Ayiti deja vann
Hey, misye! M bezwen konnen si se sèl ou k eritye
Ou menm sèl ki se pitit Jan Jak Desalin?
Men monchè ou twò mean!
Kot espwa a ye la?
Ou gaspiye, ou bwote; ou deranje, ou gate
O oh, fò m pale! M ap toujou pale.
Yo, Smoke, pale pou yo!

(Mr. Smoke)
M konnen n abitye fè pèp la reve, bliye kote yo ye
Pwòp lang nou n kreye
Pou n te ka libere anba mechanste
Lòt nasyon ki te gen foli eksplwate
Jiskaprezan poko janm arive respekte
N toujou ap pale menm lang yo ekzije n depi letan pase
Lwa ap tonbe, chak jou konstitisyon ap vote
Pifò pèp la nan lari ap chache
Filozòf ap mande an angle
Blan debake, kreyòl pa pale
Menm lè ou t ale lekòl ou paka manje
Nou retire yon {prezidan} avi, nou mete yon eli
Se kòmsi nou te toujou nan dòmi
Foufoun diplome nan kouti, li kòmanse nan fè pakouti
Domaj! pèp la pa met rad peyi, se Tommy ak Karl Kani
Li lage kò l nan lari, nan yon vye faktori. Men, ki avni
Pou de timoun li yo k ap grandi? Se gwo zafè!
Voye pitit li al etidye an Angletè
Pou yo k ap vin yon enjényè, sinon yon granmanjè.
Pèp la li menm li nan erè, yo tout fin milyonè
M konn sa m ap di a ta kont pou m al anba tè
But I don't care

(Don Camelo)
Si m pa plenyen, yo mèt di m pa yon ayisyen
Sòf papa Bondye ki ka anpeche m pale
Ekonomi peyi d Ayiti bese
Lajan se yon sèl kote l ale kache
Se granmanjè k ape fè aktyalite, Tcha!
Nou g'on randevou pou n ale Salèm, ouh!
Peyi nou Ayiti Toma g'on pakèt gwo pwoblèm, ouh!
Se nèg tèt trese k ap mete gwo jean sou fès, ouh!
Yo konsidere plis ki gen move mès, ouh!
Men yo pa janm wè nèg k ap vòlè ak vès
Nou vann nan dyab, menm avoka pa valab, jij pa valab
Wi, nou mare tankou yon bann ti Jezi nan po krab
Lajan achte rezon, si w pa gen lajan ou deja pèdi nan prizon

(Refren)
Fò n pale mezanmi, fò n pale
Fò n pale mezanmi, fò n pale, ouh! ouh!
Men si n pa pale, n a toufe
Fò n pale mezanmi, fò n pale
Fò n pale mezanmi, fò n pale ouh!, ouh!
Men si n pa pale, n a toufe

(Baby One King)
Yo, m panse ke li lè li tan pèp Ayisyen
Pou nou pike pou pi devan, pou nou fè yon pa an avan
Nou bouke pèdi tan nan fè santiman
Evite abitye avèk premye Janvye
Pou nou sispann bwè nan bouyon rechofe
Eske nou konn kisa sa vle di lè nou pran
Nan yon kout lyon ki degize l an brebi?
Sa vle di kay la gendwa plen blan
Byen blan, ranpli avèk blan abiye tou de blan
Epoutan sa pa vle di l blan pou sa
Bon, ki pawòl sa? ki koze sa? ki lòbèy sa, mezanmi?!
Detwonpe n, reveye n, louvri je n, dayè nou pa nan dòmi
Ni nou pa timoun piti ki fèk ap vini
Gras a Dye, de je n kale nou wè, n tande
Fason yo maltrete nou, jan yo imilye nou
Yo kale nou, tiye nou lè yo vle, men di m sa ou vle
Kouman ou vle pou mwen menm avè w negosye?
Menm manje nou pa ka manje, lavi chè ap ogmante
Sepandan, fòs de lòd yo kontinye ap miltipliye
Tout kote toujou gen ensekirite
Donk m ap mande ki lòbèy sa? kot bagay sa prale?
Jenès au chômage nèt ale, tèt kale
Ou diplome, w fini lekòl, w aprann metye w nan fakilte
Chak maten ou leve w ap kalkile, ou oblije rete de bwakwaze
Yeah! w ap reflechi sou lavi w
W ap mande Gran Seyè a kijan demen si Dye ve w ap ye
Si w tande peyi a pa pou vann
Epi w tande peyi a deja vann ak blan
Dans ce cas, Baby One King di n lavi n fini nan Pòtoprens
Afè k gade nou si nou kouri al negosye a jan de moun sa yo m wè la
Dilè {dwòg}, lidè sa yo, machann peyi sa yo
Ki lage n nan sitiyasyon k difisil de jou an jou k ap vin pi frajil
A chak fwa yo louvri bouch yo yo pale de l’union
C’est la division qui règne à deux millions pour cent

(Brake)
Talè m pa konprann sa k ap fèt la
Tanpri fè m wè nan ki paj nou ye nan listwa sa
Di m sa m ap viv a je m lan si l nan reyalite
Oubyen se reve m ap reve pou pwòp pitit tè a twouve nanm li dejwe
Alò yo fè kòmsi n bliye si lè bourik fè pitit si se pou do l poze
Pwòp frè n twouve siyen pou n kontinye monte maswife
Y ap menm rann nou konolize
E sou lis nou sèjousi, resif sanlè pran dife
Pòch yo boure, malèt yo chaje
Chak jou youn monte apre l fin pran pa l la l demisyone
Pèp la pa ka manje, poutan, chak jou lakay yo yo jete manje
Chak jou m tande peyi m ap mande prete
Kòb sa yo pa janm gen anyen yo regle
Tout se nan pòch yo y ale
Oke, ou gen pouvwa, tout sa w fè bon
Paske "granmèsi chyen" se gwo kout baton
Se pa nou k ta dwe pran kochon
Pou n ap montre l met kalson,
M ap pale pou bon!
M konn apre sa se swa yo touye m, oubyen m lage nan mawon
Elas! nou t ap kouri pou lapli n al tonbe nan larivyè
Kounye a l bwote nou tankou n se kras
E kiyès nan nou nan moman sa ki ka fè de bras?
Lasirèn, labalèn! bonèt peyi m neye nan fon lanmè
A cause de nos propres frères, ala de traka pou bale kay tè
Poutan la parole de nos ancêtres :
Dans nos rangs point de traîtres, du sol soyons seuls maîtres
Nou genlè nan dòmi, fè je n klè, peyi a vann bay nèg je vèt
Menm pou n manje se lòt nasyon k toujou ap fè kèt
Èske sa lèd? Depi nou fèt pou n ap pran imilyasyon, kout fwèt
Souflèt tankou milèt anba men dan jòn, je vèt

Beavo, bravo!

This Lyrics has been viewed 44 times

Related Song Lyrics:
Mesi by Original Rap Staff
Di Yo by Blaze One
Jewografi Dayiti by Blaze One
Alelouya by BIC
Boum by BIC

Share/Bookmark
Loading...

🔥 Creole101 Trending Music Charts Updated:

🇺🇸 Billboard Hot 100 (Top 10) Billboard
    🇭🇹 Haiti (Top 10)
      🌍 Top by Continent

                🌐 More Charts (Top 10)
                ...

                Translation and definition

                English, French, Spanish and Portuguese. Lots of sentence examples. Synonyms. Antonyms. Popular expressions.

                ...

                Reina's Book Series for Children

                Check our book What I can do with my hands in multiple languages...
                Over 25,000 entries in the database. Updated every week!