Premye fwa jem tonbe nan je li
Touswit m santi'l pou mwen
Efè sa m paka esplike li
Son fòs ki twòp pou mwen
Men se yon lanmou ki gon gou diferan
Son lanmou k sweet ki rann mwen gouman
Saw banm lan okenn imen pa merite'l
E w ban mwen l san mezire
Ou tèlman plen kè'm ak on lanmou ki dous
Fè lòlòj mwen vire, vire, vire
Yon lanmou k' trè sikre, sikre, sikre
Fè lòlòj mwen vire
Son dous makos
M kole e m pa kapab bouje
Ou gou dousè
Pye m kite tè, kè'm palpite
Nou mèt bal tout defo
Plis nap pale, plis m'ap eme l
Lanmou l dous kou siwo o
I just can't get enough
Saw banm lan okеnn imen pa merite'l
E w ban mwеn l san mezire
Ou tèlman plen kè'm ak on lanmou ki dous
You might also like
You
Vanessa Désiré
Haitian Queen
Vanessa Désiré
Crush La
Vanessa Désiré
Fè lòlòj mwen vire, vire, vire
Yon lanmou k' trè sikre, sikre, sikre
Fè lòlòj mwen vire
Souse sirèt, niche babinn, wi m renmen w
Tout lot saw tande se bobinn, wi m renmen w
Santimantalman m soufri dyabèt sikre
M kontan tankou timoun kap manje dous, nan yon lakou rekre
M soufri anemi twòp move lanmou ki bwe san m
M make twòp pa sou plas
Yon seri move chwa ki bwè tanm
Jodia mwen vin poze tou dousman
Nan de pla men kèw ki dous tankou yon dous mant
M pase twòp lanmou peze souse
Jodia m'ap chach'on lanmou ladous ki vyen kenep
M pase twòp lanmou mache prese
Jodia m vle yon lanmou twoubadou anba fenèt
Mwen vin ofri'w yon lanmou dous lèt
Yon lanmou pwop lejè, yon lanmou gout lèt
Mwen vin ofri'w yon lanmou san zikòs
Yon lanmou san repwòch, yon lanmou dous makòs
Saw banm lan okenn imen pa merite'l
E w ban mwen l san mezire
Ou tèlman plen kè'm ak on lanmou ki dous
Fè lòlòj mwen vire, vire, vire
Yon lanmou k' trè sikre, sikre, sikre
Fè lòlòj mwen vire
Related Song Lyrics:
Mesi by Original Rap Staff
Di Yo by Blaze One
Jewografi Dayiti by Blaze One
Alelouya by BIC
Boum by BIC
English, French, Spanish and Portuguese. Lots of sentence examples. Synonyms. Antonyms. Popular expressions.
Check our book What I can do with my hands in multiple languages...
Over 25,000 entries in the database. Updated every week!
Love, friendship, lovers, nice words, Jehovah, The Bible, Love SMS, SMS emoji