(Deyò a - 2016)
[Entwo]
Yeah
1
Deyò a chaje zenglen moso boutèy, bwat Juna, papye Chico, reyon bekan, grès machin
Deyò a pa bèl
Deyò a se fatra k ap boule, klaksòn bogota, Chandesperans kont Beretta
Deyò a pa bèl
Fil wotansyon prèske bobo ak fèy tòl, n ap bay lavi bwa mitan l ap ba nou fil mòl
Deyò a pòtre yon tonbo blanchi, chak Ayisyen se yon kòk mò k ap koutize lavi
Aleken sou pil fatra, ti bebe nan tou rego, machann pran plas machin
Deyò a pa bèl
Medikaman nan lari, kopi cd nan laye, dwadotè se bèl franse
Deyò a pa bèl
[Refren]
Nou di n ap bouche twou men tanzantan nou fouye tou
Nou di nou prale dwat men tanzantan n fè ti detou
Nou vle peyi a frèt men tanzantan n met dife tou
An miyanm m kale ti chat, ti chat kale m, m kale li tou
2
Deyò a
Jenès nou an pa gen fòmasyon - Deyò a
Lekòl nou yo pa gen direksyon - Deyò a
Chak grenn Ayisyen k ka ekri non yo oblije pati pou fè blanmannan chanje non yo - Deyò a
Pa gen fyète ankò - Deyò a
Nou tounen tèt san kò - Deyò a
Dlo pa monte mòn, men tout mòn yo degrenngole y al nan dlo - Deyò a
Ti blòdè deside bon sou ou- Deyò a
Raketè chaje pawòl pou ou - Deyò a
Lè w bay lamen sonje konte dwèt ou, nan chante gratis atis ou ka pèdi lalwèt ou - Deyò a
Gouvènman ak opozysyon sou de ran - Deyò a
Pandan timoun ap mande pou ka pran swen paran - Deyò a
Labib di nou Moyiz te echwe men jodi a nou gen Ayisyen ki abite Kanaan - Deyò a
Tout moun ap bwase tout moun sou mato - Deyò a
Tout moun ap chache yon moso gato - Deyò a
Deyò a se pye sou kou grenn kraze, deyò a se rati braze - Deyò a
Anba poto limyè gen elèv - Deyò a
Anba poto limyè gen brasèz - Deyò a
Deyò a se pi gwo pi gra - Deyò a
Menm jou dimanch se madigra
[Refren]
Nou di n ap bouche twou men tanzantan nou fouye tou
Nou di nou prale dwat men tanzantan n fè ti detou
Nou vle peyi a fret men tanzantan n met dife tou
An miyanm m kale ti chat, ti chat kale m, m kale li tou
3
Deyò a
Se dilatasyon se dilatwa deyò a
Se chimen ki mennen labatwa – deyò a
Se kòdonye k ap repare machin – deyò a
Se mekanisyen k ap fè bèf chenn – deyò a
Se rasta k ap danse tèt kale – deyò a
Se tèt kale k ap met perik rasta – deyò a
Se polisye ki pa kontan – deyò a
Se bandi k ap fè la pluie et le beau temps
Se pwofesè k ap mande meyè tretman, malad lopital yo kap mande medikaman
Se kokorat k ap mande pou entegre
Se pastè legliz k ap montre nivo degre – deyò a
Se Ayisyen k ap pran refi – deyò a
Se jèn gason k ap tounen fi – deyò a
Se Dominiken k ap vann nou ze – deyò a
Se Perle des Antilles k ap betize – deyò a
Ou menm ki di deyò a pa gen anyen, di m sa w wè
[Fen]
Deyò a
Deyò a
Deyò a
Deyò a
Deyò a
Related Song Lyrics:
Mesi by Original Rap Staff
Di Yo by Blaze One
Jewografi Dayiti by Blaze One
Alelouya by BIC
Boum by BIC
English, French, Spanish and Portuguese. Lots of sentence examples. Synonyms. Antonyms. Popular expressions.
Check our book What I can do with my hands in multiple languages...
Over 25,000 entries in the database. Updated every week!
Love, friendship, lovers, nice words, Jehovah, The Bible, Love SMS, SMS emoji