Dòmi pa abitye ak mizè. "Lè w gen dòmi, ou pa bay kabann ki difisil la enpòtans. Ou dòmi nenpòt kote ou jwenn yon plas."
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun ki te nan mizè e ki ap chache yon moun pou l soti epi l Jwenn yon bagay ki pi rèd ke mizèl te genyen an.
Dòmi pa okouran de mizè.
Wòch ki nan dlo a pa konnen doulè wòch ki nan solèy la/ke wòch ki nan solèy la ap sibi. Wòch nan dlo pa konnen mizè wòch ki nan solèy la. Pa gen okenn fason pou konprann doulè yon lòt moun nèt. Wòch nan dlo = gwo nèg . “ Moun ki gen lajan pa konnen doub moun ki mizè / wendè .
Genyen pote pwoblèm, pa genyen pote mizè. Ni richès ni povrete vini ak pwòp pwoblèm pa yo.
Lavi a se chanje mizè pou pwoblèm.
Yon bon ti dòmi fè ou bliye tout enkyetid.
Yon moun ki vle pran anpil pasyans pou li ka fè yon travay byen.
Pa rete anpil kote w pa konnen, kote w pa gen moun pa w ki pou ede w. Se pou w pridan.
Yon moun ki gen a fè l pa bon epi ki ap fè sal pa t konn fè oparavan.
Yon bon Vodouist pa oblije... Bon Nouvel 12 3/6
Pito w gen yon bagay ou pa renmen olyew pa gen anyen ditou.
Li pi bon pou dlo rense ignname a ba ou gratèl, pase pou ou nan povrete. "Li pa dous pou ou pòv." REMAK: Igname a se yon legim rasin ki gen lanmidon, tankou pòmdetè. Youn nan varyete yo dwe byen rense paske li bay "gratèl".
Yon moun afèl pa t bon afèl vin bon se ak anpil pèn pou jere sal genyen.
Lè w nan mizè pa plezan.
Li pi bon pou ou pran tan pou rive, men pote bon nouvèl.