Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

La mizè fè bèf manje lanman

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #2317 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Dòmi pa konn mizè

Dòmi pa abitye ak mizè. "Lè w gen dòmi, ou pa bay kabann ki difisil la enpòtans. Ou dòmi nenpòt kote ou jwenn yon plas."

Lavi sa se boukante mizè pou traka, oswa zong pou zago

Yon moun ki te nan mizè e ki ap chache yon moun pou l soti epi l Jwenn yon bagay ki pi rèd ke mizèl te genyen an.

Somèy pa konnen mizè

Dòmi pa okouran de mizè.

Wòch nan dlo pa konnen mizè wòch nan solèy

Wòch ki nan dlo a pa konnen doulè wòch ki nan solèy la/ke wòch ki nan solèy la ap sibi. Wòch nan dlo pa konnen mizè wòch ki nan solèy la. Pa gen okenn fason pou konprann doulè yon lòt moun nèt. Wòch nan dlo = gwo nèg . “ Moun ki gen lajan pa konnen doub moun ki mizè / wendè .

Genyen se traka, pa genyen se mizè

Genyen pote pwoblèm, pa genyen pote mizè. Ni richès ni povrete vini ak pwòp pwoblèm pa yo.

Lavi se boukante mizè pou traka

Lavi a se chanje mizè pou pwoblèm.

Kabicha pa konnen mizè

Yon bon ti dòmi fè ou bliye tout enkyetid.

Pitom mize mwen pot bon nouvèl

Yon moun ki vle pran anpil pasyans pou li ka fè yon travay byen.