Rakonte istwa se jis sòt, di verite a se trayi yon moun. Fèmen bouch ou!
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun ki malonèt osinon yon moun ki gen bagay ki difisil pou l fè pèsòn pa kapab edel.
Avan ou fè yon bagay fòk ou konnen si l ap bon pou w.
Yon moun ki di yon bagay epi moun ki devan l lan nan twouve l pedan.
Yon moun ki ofri w yon bagay se pa anyen sa si w ta pran l.
Yon moun ki gen moun pa l osinon fanmil li toujou fè jalouzi pou li.
Se pa tout enprimant ki konn li.
Moun afè bon pa konn soufrans moun k ap manje mizè.
Tout sa ki klere/briye pa lò.
Lajan fè jèn gason an arogan.
Gade se pa yon peche.
Rad fè nonm lan.
Jwe ak makak la, men pa manyen/touche ke l.