Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Rezilta rechèch pou “chemen”
← Tounen nan lis prensipal la
Chyen gen kat pat, se yon sèl chemen li fè

var: a) chyen gen kat pat (men), li mache nan yon sèl chemen. ent: a) Yon moun gen dis dwèt, sa pa vle di l ka fè dis bagay alafwa. b) Dòdò monchè, si w ap fè sanblan w ap sèvi Bondye, ou pa ka nan bòkò anbachal. 'chyen kat pat, se yon sèl chemen li fè.' c) chyen kat pat mache nan yon sèl chemen.

Chemen kabrit pa chemen bèf

Lè yon moun panse pou l fè yon bagay ki pa si fasil pou lòt la petèt chemen an twò fasil paske li gen kapasite pou sa.