Pa janm kite vye chemen ou pou chemen nèf
Pwovèb kreyòl ayisyen
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.
var: a) chyen gen kat pat (men), li mache nan yon sèl chemen. ent: a) Yon moun gen dis dwèt, sa pa vle di l ka fè dis bagay alafwa. b) Dòdò monchè, si w ap fè sanblan w ap sèvi Bondye, ou pa ka nan bòkò anbachal. 'chyen kat pat, se yon sèl chemen li fè.' c) chyen kat pat mache nan yon sèl chemen.
Lè yon moun panse pou l fè yon bagay ki pa si fasil pou lòt la petèt chemen an twò fasil paske li gen kapasite pou sa.
Ti bagay piti yo se yo k ap vin gwo.
Depi nou sou chemen lavi a, gen obstak ki fè nou bite.
Si ou fache ak granchemen, kote ou ap pase?
Yon ons prevansyon vo yon liv gerizon. Hall 1953 ekri Ti bouton se chemin gwo maleng .
Fasil vini, fasil ale. Pa gen anyen nou akeri ki vo plis pou nou pase sa li te koute nou.
Mal ka toujou mennen nan pi mal.