Haitian Creole Proverbs
Creole Proverbs ✨
Over 6,000 Haitian Creole proverbs with explanations and translations in 4 languages. Each visit highlights the most popular sayings along with fresh ones to explore.
Sa Bondye ba ou, ou dwe aksepte l.
Sa ki anba pwoteksyon Bondye, li byen konsève.
var: a) Sa Bondye sere pou ou, lavalas pa ka pran (bwote) l. b) Sa Bondye sere pou ou, dyab pa ka pran l.
Sa Bondye vle a se san repiyans.
Sa foumi an jwenn, se li bay bèlmè li.
Sa foumi an genyen, se sa l pote nan mache a. Sa ou genyen, se sa ou vann. Ou ka sèvi sèlman ak sa ou genyen.
Yon moun ki jwenn yon enfòmasyon ki cho anvan l kòmanse pale li di pawòl sa.
Lè yo ofwi yon moun yon bagay epi li gen espwa l ap re jwenn yon lòt moun k ap pale a itilize pawòl sa.
li pa bon pou panno non plis ~ Yon bagay ki pa bon pou ou konnen li pap bon pou lòt yo tou.
Yon koze ki te nan lari deja epi yon moun ap pale pawòl la san li pa met dlo nan bouch li.
Lè yon pawòl pale yon kote li ta dwe rete la li pa ta dwe chanje katye.
Bagay ki rive yon lòt ka rivew tou pa kritike l pou sa k rivel la.
Sa ki bon ak yon kè se li pa rezone.
Moun ki ale Wòm sòt tounen sòt.
Pa tann dènye minit.
Sa ki atè a se pou chen an.
var: Moun ki ba ou konsèy achte cheval plenn nan sezon lapli, pa ede w nouri l lè dizèt.
Moun ki vrèman bezwen dife ap fouye dwèt li nan sann lan pou l jwenn li.
Sa ki bon pou zwa a pa nesesèman bon pou jars la.
Kite byen ase pou kont li.
Sa k ap pase nan kwizin nan, kay la pa bezwen konnen.
Moun ki chante yon sèl chante ap resevwa yon sèl goud. Ou jwenn sa ou merite.
Moun pi dispoze bay konsèy pase lajan. Moun pi lib ak kritik pase ak kredi.