Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Sa je pa wè, kè pa tounen

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #4487 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Mwen se labouyi bannan depi m tounen, mwen tounen nèt

Yon moun ki pran desizyon e ki derefize pou pa ta rive tounen sou desizyonl.

Tounen rich pa mal se tounen pov ki gen mal

Pou montre se wont ki moun ki te rich ki vin pòv.

Sèvyèt tounen tòchon, tòchon tounen sèvyèt

Tout bagay se yon dezòd egal.

Je pa wè kè pa tounen

Mwen pa t wè lè li fè bagay la :mwen pa bezwen gen pwoblèm pou sa.

Van ki pa bon pou ou lè ou prale, li bon pou ou lè ou tounen

Se poutèt sa, sispann plenyen!

Tan ale, tan pa tounen

Tan ki deja pase, li pa retounen. "Tan ki ale a pa janm retounen."

Nan move pa, kabrit tounen bèf

Lè w nan gran danje sa fè w fè gwo bagay e ke w pa t espere osinon ou pa t ka fè.

Lajan pa janm al kay gangan pou l tounen

Lè yon moun gen yon kòb tonbe nen men l epi l pa vle kòb la sot nan menl.