Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Sa ki di ou achte cheval gwo vant, li pa ede ou nouri l

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #4517 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Figi ki achte se pa li ki peye

Ekspresyon vizaj yon moun lè w ap achte a pa menm ak lè w ap peye.

Pye bèf pou pye bèf, m pito achte l ka pratik

Lè se yon pat bèf, mwen pito achte l lakay machann /boutikè prefere mwen an. "Si m gen pou m soufri pou yon bagay, m ap soufri ak zanmi m."

Ou fin vann, ou fin achte

Yon moun ki gentan fè tout esperyans ki genyen nan la vi a epi li estime pa gen lòt li ta dwe fè ankò apre sa.

Si andedan pa vann ou, deyò pa ka achte ou

Si moun anndan yo pa vann ou, moun deyò yo pa ka achte ou. "Si moun lakay yo pa vann ou, moun deyò yo pa ka achte ou." ... pa devwale sekrè ou yo... pa ka dekouvri yo.

Ou achte chyen pou ras

Ou achte chen an pou ras/ras li.

Yo pa achte moso manman nan mache

Se pou montre enpòtans manman genyen nan yon fanmi.

Achte peye, prete remèt; men sa k fè yon nonm

Achte, peye; prete, remèt: gade sa ki fè yon moun! “Achte, peye; prete, remèt. Ou vle yo respekte w?”

Se pa pou bèl plim pan, pou mwen achte l

Se pa pou bèl plim paon mwen pral achte l.