Fè zanmi ak kouto a anvan fwi ki gen gou abriko a mi. "Paske lè l mi, kouto a ap twò okipe pou sèvi w anyen." oubyen "Fè zanmi ak yon moun pandan l disponib."
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pou chak moun selon mwayen li.
Esplikasyon yon moun k ap fè yon sèvis pou l pran pekosyon nan jan l ap fètravay la.
Nèg sa a se yon kouto de bò. "Nèg sa a se yon nonm danjere."
Se sèlman kouto a ki konnen sa ki nan kè yanm/legim rasin blan an. Nou dwe fouye fon nan yon bagay pou nou ka konnen l tout bon. Pa fè moun konfyans nan aparans sifasyal yo. Se sèlman nan eprèv lavi yo vrè kalite yon moun vin parèt aklè.
Moun ki pa gen konfyans nan zanmi ki rete prè li ka fè tripotay sou li osinon pale mal paske l konn tout afè l.
Yon moun ki ka ede yon lòt moun epi ki pa fasil pou pran swen tèt li.
Pou eksplike l dega yon moun ki pale anpil ka komèt li ka beni li ka modi.
Yon moun k ap viv avek ou sou po se pote ale pote vini.
Yon moun ki pa gen mwayen egzat pou l realize yon pwojè epi li jwenn yon ti bagay tou pitipoul komanse fè l.
var: a) Kouto sèl ki konn sa k nan kè yanm. b) Sa k nan kè yanm se kouto k konnen l.
Lè yon moun gen sekrè epi li derefize pou l pa di pèsòn moun sa.
Bèf mare nan poto a pa pè yo touye l. Li pa nesesèman pral touye l.
Moun ki pa gen konfyans nan zanmi ki rete prè li ka fè tripotay sou li osinon pale mal paske l konn tout afè l.
Yon doktè pa ka trete tèt li. Èd mityèl se yon nesesite. - Aristide. Resipwosite se yon nesesite. - Aristide. Nou bezwen youn lòt.
Flatri pi danjere pase yon kouto de bò.
Ou file kouto a; men atansyon ak dwèt ou!
Nonm sa a pi rèd/pi difisil pase yon kouto de bò.
Bagay ou kraze ak li yon kote se menm kote a li disparèt.
Si ou file yon kouto, zòrèy yo tande epi konprann ...
Tout moun konnen kouto a pa janm grate/netwaye manch li.
Yon moun k ap bat pou l kraze yon moun se posib li ka pèdi ni moun nan ni sal ap espwate nan moun nan.
Chèche byen ak moun avan ou bezwen sèvis li se pa lè w bezwen sèvis li ou bezwen byen avè l.