Lè yon bagay osinon yon pawòl tout moun fin konnen ou pa bezwen sere sa.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon koze ki te nan lari deja epi yon moun ap pale pawòl la san li pa met dlo nan bouch li.
Yon moun ki genyen nan galata se li ka jwenn pou itilize lè zafèw pa bon.
var: a) Sa Bondye sere pou ou, lavalas pa ka pran (bwote) l. b) Sa Bondye sere pou ou, dyab pa ka pran l.
Ou rekòlte jan ou simen.
Lapli a pa janm pote sa Bondye sere pou ou.
Lajan kache pa fè tibebe/pa miltipliye.
Lanmè a pa kenbe bagay sal/fatra.
Moun ki pa gen konfyans nan zanmi ki rete prè li ka fè tripotay sou li osinon pale mal paske l konn tout afè l.
Lè w t ap fe yon bagay en sekrè epi ou vin rive kote ou pa kenbe bagay la sekre anko.
yo . Gade moustik ki nan je lòt moun olye de gwo bout bwa ki nan pa ou a (gade Bib la).
Sa ki pa mete sou kote/ki pa konsève, pa ka chofe. "Moun ki pa konsève manje pa ka manje."
Si bòt la twò sere pou ou, mache pye atè. "Si ou pa ka kontinye, ou ta pi bon sispann." Si ou pa ka sipòte presyon an, soti nan kwizin nan.
Moun ki pa gen konfyans sou zanmi ki lwen lè l vin jwenn ak ou l ap resevwa w ak kè kontan.
Lè yon moun di w li ka fè yon bagay pa prese di l manti.
Ou dwe sere kò w anvan ou mete pantalon w. Prepare w byen anvan w pran responsablite.
Si w sere yon maladi w genyen, oswa yon pwoblèm ou genyen, ou pap ka jwenn remèd.
Biznis yon nèg pa janm twò piti. Se janm pantalon l ki piti/sere. Hall 1953 ekri Afè nèg pa piti , se janm kanson ki jis .