Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Lougawou pote dife nan bouch li, se li k konnen ki bò li sere lang li

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #2908 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Pa janm pale lougawou mal devan moun

Pa janm pale yon lougawou /lougawou mal devan pèsonn. "Fè atansyon ak sa w'ap di a! Moun sa a ka yon lougawou li menm tou."

Bwa pini nan men w, lougawou pè pwoche

Yon moun ki montre li pare pou nenpòt bagay ki ta ka vini devan l…li bay yon avètisman.

Nan piwèt, lougawou kite jou bare l

Lè moun gen yon lè pou l fè yon bagay nan fè lòt aktivite li pèdi randevoul osinon li rive anreta.

Se je l ki wouj; li pa lougawou pou sa

Li pa osi move jan ou panse a.

Bwapini nan men nou, lougawou pè pwoche

Baton pikan chaje ak lespri nan men nou an, lougarou a pè/li pè pwoche.

Lougawou nan mitan fanmi mal pou kenbe

Yon moun k ap viv nan mitan ou k ap tayè zèb anba pyew osinon k ap palew mal li difisil pou konnen.

Adefo vannivan, ou bride lougawou

Lè pa gen bourik, ou mete brid sou yon sòsyè.

Lougawou pote dife nan bouch li, se li k konnen ki bò li sere lang li

Lè yon moun di w li ka fè yon bagay pa prese di l manti.