Creole101 Logo

Haitian Creole Proverbs

Creole Proverbs

Over 6,000 Haitian Creole proverbs with explanations and translations in 4 languages. Each visit highlights the most popular sayings along with fresh ones to explore.

Sa ou sere, se li ou chofe

Haitian Creole Proverbs Proverb #4692 Creole101
🧩 Proverbs in the same theme

Other Haitian Creole proverbs similar to the one above.

Lè vant soti, nanpwen sere lanbrit

Lè yon bagay osinon yon pawòl tout moun fin konnen ou pa bezwen sere sa.

Sa k pa sere pa kapab chofe

Yon koze ki te nan lari deja epi yon moun ap pale pawòl la san li pa met dlo nan bouch li.

Sa w sere se sa w chofe

Yon moun ki genyen nan galata se li ka jwenn pou itilize lè zafèw pa bon.

Sa Bondye sere pou ou, lavalas pa kapab pote li ale

var: a) Sa Bondye sere pou ou, lavalas pa ka pran (bwote) l. b) Sa Bondye sere pou ou, dyab pa ka pran l.

Sa ou sere, se li ou chofe

Ou rekòlte jan ou simen.

Lavalas pa janm bwote sa Bondye sere pou ou

Lapli a pa janm pote sa Bondye sere pou ou.

Lajan sere pa fè pitit

Lajan kache pa fè tibebe/pa miltipliye.

Lanmè pa sere kras

Lanmè a pa kenbe bagay sal/fatra.