Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Rezilta rechèch pou “poutèt”
← Tounen nan lis prensipal la
Baryè ou rayi; se la solèy kouche ou

Pòtay ou pa renmen/rayi pase a - se la solèy la kouche sou ou pou fòse ou pase kanmenm. "Ou pase nan pòtay sa a lajounen san pwoblèm. Lannwit, ou pa vle pase ladan l poutèt zonbi ki la a." oubyen "Laplipa tan, sa ou pa renmen an ap rive ou."

Malere pa dezonè

a) Malere pa fè ou wont pou sa. b) Se pa paske ou malere pou wont (tèt ou pou) sa. c) Ou pa bezwen wont poutèt ou malere.