Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Menm si lalin nan klè, limyè lajounen an ap pi klere pase li.
Lè yon moun nan zafè pa bon epi li fè travay li pa ta dwe fè.
M pa konn sa manje koute, m pa konn sa dòmi koute lopital la. Men m manje, m dòmi. Se vre, pawòl la gen rezon: 'Bèf san ke, Bondye pouse mouch pou li'. Si pa t Papa Bondye, m pa konn sa m ta fè." "
Mwen santi sa w fè a men se palem pap pale.
Yon moun ou ka bezwen fòk ou pa meprize l fok ou pa voyel jete byen lwen paske yon joul ka sevi.
Mande "nèg saj" la/moun ki rond la sa l manje; pa mande l sa l konnen.
Avèg la di ou l ap ba ou yon kou ak yon wòch; si l pa nan men l, se anba pye l li ye.
Lavi a gen revè pa panse tout bagay prale byen nèt.