Ou wè chen an ap montre dan l, ap fè grimas, ou pa panse li kontan.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se grès kochon an ki fè kochon an fache. " Biznis la pa ka kontinye san tèt li." oubyen " Se pwofi entèn ki envesti nan menm biznis la ki lakòz pwogrè."
Chak pen gen kalite fwomaj pa l / kalite fou pa l . Pou chak moun pa l.
Yon move kontra pa janm gen yon mèt/otè. Lè se yon move bagay, pèsonn pa pran responsablite.
Lè ou byen parèt, sa pa anpeche ou tonbe malad.
Bellegarde-Smith.
Yon moun k ap bat pou l maske l pou l ka fè koken epi moun k ap swiv li jije se grimas.
Sòsye a ba ou yon endikasyon/fetich li, men li pa di ou pou al dòmi nan kafou a. "Menm avèk cham chans sòsye a sou ou, pa fè sa ki pa saj; fè atansyon."
Si kalmason an te bon vyann, se pa nan mitan wout la yo t ap jwenn li. "Bon vyann pa janm vann bon mache."
Yon moun ki pa gen mwayen egzat pou l realize yon pwojè epi li jwenn yon ti bagay tou pitipoul komanse fè l.
Fasil vini, fasil ale.