Danje ap kache nan limit kote ki sanble pi an sekirite yo.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Nou tout diferan.
Lè w prè pou ou delivre se lè sa bagay yo vin pi di.
Li pi bon pou ou pran tan pou rive, men pote bon nouvèl.
Nonm bèbè a/sòt la kwit/bouyi aran sale; li mete sèl ladan l.
Verite a chita nan fon pi a. ...difisil pou wè/jwenn.
Remèd pou move timoun nan, se switch la.
Bon moman pa paradi.
var: Bon kè krab fè l san tèt. ent: Yon moun ki twò onnèt (ki bay san limit) ka mouri pòv. <br>par: Se bon kè krapo ki fè l san tèt.
Lè w chanje pozisyon ou chanje tout pratik avan yo.
se lè sa a lespri yo parèt - a minwi
Retire se pa kouri ale.
Moun ou konnen lajounen, lannwit, ou pa bezwen limen yon chandèl pou rekonèt li.
Se piti, mwen piti/ Mwen jis piti/piti; mwen pa pitimi /“ milèt” san gadyen/fanmi pou pwoteje m. “Mwen piti, men mwen pa milèt pou sa.” Menm si mwen se yon ti nèg, atansyon!
Sèpan an di li viv sou moun ki neglijan.