Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Ou pa ka rete kay pè pou w mouri san batize

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #3704 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Fwi ki vle mi rete anba fèy

Fwi ki vle muri a rete kache anba fèy yo. Bon bagay devlope nan pwòp tan pa yo, souvan an silans.

Zonbi goute sèl, li pa mande rete

Yon moun ki komanse yon bagay epi ki santi l pa rete kelkeswa sikonstans ki ta ka prezante.

Rete twò lontan nan mache fè w fè dèt

Lè yon moun rete twòp ap gade sa fè tanta montel li ka achte kredi.

Chita pa vle di rete tout tan

Pa rete twòp tan ou te resevwa a.

Bouch pa gou, men anyen pa rete

Bouch la pa goute bagay yo, men pa gen anyen ki rete nan asyèt la. “Ou di ou pa ka manje, epi isit la pa gen anyen ki rete nan asyèt ou a!” Menm si ou di ou pa grangou, tout dènye bagay ou te rive manje.

Koulèv ki vle gwo rete nan twou l

Sèpan ki vle vin gwo, rete nan twou li. Pa foure bouch ou nan zafè ou.

De kòk kalite pa rete nan menm baskou

De moun ki entèlijan pa kapab gouvène menm kote osinon rete nan menm kay.

Si krapo te bon vyann li pa ta rete bò rivyè

Lè yon moun ap fè enteresan li di w li se kichòy lew gade kote moun nan rete a osnon kote l ap travay pa sanble ak sa li di li posede.