Sa vle di annou antann nou defo pa w sanble ak defo pa m.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Renmen l oswa kite l.
Lè ou wè vye zo/moun sa a sou wout la, ou dwe konnen ke li te gen chè sou li yon jou. Vye moun sa a ki te kraze a te yon moun vre yon lè—pa pase l nan rizib.
Yon pwovèb. Jwenn yon jan pou soti/pou debouye w yon jan kanmenm/pa fè anyen ni pou anyen se pa peche. “Eseye viv se pa peche.” OSWA “Chache fè yon bagay san pwoblèm se pa peche.”
Chak moun gen jou pa yo swa yo reyisi swa yo echwe.
Patiraj la/ranch lan se pou Wa a, bèf la/vach la se pou Wa a. "Yon twazyèm moun pa gen anyen pou l di sou sa."
Mathusala
Moun ki gen gal pa renmen peny.
Agou nan pye ou pa menm ak kal.