Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Chak kochon gen samdi pa l

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #713 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Chak koukouy klere pou je l

Yon santiman egoyis ki fè konprann chak moun degaje l pou l viv pou kont li. <br>Chak moun ede tèt li. &lt;br /&gt;Mwen menm k ap di ou sa. Lè yo bezwen ou, y ap mache dèyè ou tankou chyen. Rive yo fin rive, &#39;chak koukouy klere pou je l&#39;, y ap achte yon gwo bouldòg mete veye kay yo. Moun pa pwoche. &lt;br /&gt;&lt;i&gt;varyasyon&lt;/i&gt;: Chak koukouy klere pou je l.

Tout kabinèt gen marengwen li

Gen yon skelèt nan chak klozèt. Chak chemen gen yon ti dlo. Chak jou gen nwit li. Chak limyè gen lonbray li.

Chak rivyè pote gravwa pa li

Chak moun gen pwòp lide pa yo. Chak nouvo rejim politik gen pwòp pèp pa li.

Chak chaple gen kwa li

Chak chaplèt gen kwa pa li. Nou tout gen pwoblèm pa nou.

Chak fou gen mawòt li

Chak moun fou gen pwen fèb li nan pastan li.

Chak pen gen fwonmaj li

Chak pen gen kalite fwomaj pa l / kalite fou pa l . Pou chak moun pa l.

Chak moun gen pànye sèl pa yo

Chak kretyen vivan gen kalamite pa yo pandan w ap viv sou tè.

Chak larivyè pot gravye pa l

Chak moun nan la vi gen kapasite pa l yo pa souvan sanble.