Yon fanm ka konprann yon doulè yon fanm menm si li pa t janm pase pwoblèm sa yo.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Wòch ki nan dlo a pa konnen doulè wòch ki nan solèy la/ke wòch ki nan solèy la ap sibi. Wòch nan dlo pa konnen mizè wòch ki nan solèy la. Pa gen okenn fason pou konprann doulè yon lòt moun nèt. Wòch nan dlo = gwo nèg . “ Moun ki gen lajan pa konnen doub moun ki mizè / wendè .
ki manje ze a pa konnen doulè manman poul la ap sibi . doub wòch nan sòlèy .
Bonè pa kriye menm jan ak doulè.
Doulè règ yo se pa doulè akouchman.
Ou pa konnen ki sakrifis yon manman fè pou pitit li yo.
Moun afè bon pa konn soufrans moun k ap manje mizè.
Se Bondye sèlman ki konnen pwoblèm/soufrans pòv yo. "Se Bondye sèlman ki konnen pwoblèm pòv la."
Wòch ki nan dlo a pa konnen doulè wòch ki nan solèy la/ke wòch ki nan solèy la ap sibi. Wòch nan dlo pa konnen mizè wòch ki nan solèy la. Pa gen okenn fason pou konprann doulè yon lòt moun nèt. Wòch nan dlo = gwo nèg . “ Moun ki gen lajan pa konnen doub moun ki mizè / wendè .
Nèg la pran bal li byen fon. "Nèg la aksepte doulè a. L ap soti ladan l!"
Pwovèb 10:22 - Labib, Tradiksyon Monn Nouvo
Jip ka kache gwosès, men doulè akouchman mete tout bagay an evidans.
Lè w gen kòmandman, se yon bagay dous, men li gen doulè li yo tou.
Mande padon pa geri maleng lan. "Mande padon pa sifi." Di ou regrèt pa geri doulè a.
Bondye pa janm bay pitit li yo doulè san èd ak medikaman.