Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Lè ravèt ap fè dans, li pa envite poul

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #2745 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Ravèt pa janm gen rezon devan poul

Ravèt la pa janm gen okenn dwa devan/li pa janm jistifye devan poul la. Fòs fè dwa. Ravèt = ti malere . Poul = lapolis ; moun ki gen mwayen wendè .

Lè poul mare, ravèt fè li esplikasyon

Lè poul la mare, ravèt la di l yon bagay oubyen de. Lè poul la mare, ravèt la pase l nan betiz. Lè poul la mare, ravèt la ba li lòd.

Lè poul nan kòd, ravèt fè l esplikasyon

Lè poul la mare nan yon fil, ravèt la ba li yon eksplikasyon/li ba li yon leson/li reprimande l.

Lè poul nan kòd, ravèt fè l eksplikasyon

Lè yon moun ki ta dwe chèf li nan difikilte pou l egzèse pouvwa chèf li youn li ta dwe dirije ap fè l leson.

Lè ravèt ap fè dans, li pa envite poul

Nan moman fèt yo ou pa dwe envite ènmi w yo.

Jan senjòy mache, se pa jan li kenbe ravèt

Fason santipèd la mache a se pa fason li kenbe ravèt.

Lè kod nan pye poul, ravèt fè li esplikasyon

Poul mare nan pye tab, ravèt vin fè l esplikasyon