Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Avoka tankou sizo; se moun ki nan mitan an yo koupe a.
peroke
Lè w nan pwoblèm ou ale kote moun ou pa menm fin alèz avèk yo.
Pa gen anyen ki jwenn san efò.
Lè yon moun gen kòb sa pa chanje ni fòm li ni tanperaman l ni ni konpetans l.
Se nan dans ou ka di kilès ki bon dansè .
Mwen pa t manje pwa; mwen pa ka lage pwa deyò. “Mwen pa ka ba ou kalite prèv ou panse mwen ta dwe bay la.”
Koupab la te chape, epi temwen an te mouri nan plas li.
Pou chak moun pa l.
var: Kaka poul pa ze.
Toujou gen rès rad lakay tayè a. Pou montre travay nan yon domèn se posib pou toujou jwenn kichòy lakay li.
Dèyè do a se nan Gine. “–osi lwen ke Gine.” “Kite se mouri.” Sa ou pa wè a se sèlman yon reyalite byen lwen .
Genyen pote pwoblèm, pa genyen pote mizè. Ni richès ni povrete vini ak pwòp pwoblèm pa yo.