Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Kòdenn di: sa ki nan vant li, se li ki konte

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #2042 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Mèg kou kòdenn mèg, li pa dòmi sou bwa pitimi

Menm si kodenn nan mens, li pa dòmi sou yon tij pitimi/mayi. Li pa konfòtab; epi li ta kraze anba pwa li.

Kote y ap plimen kòdenn, poul pa ri

Kèlkeswa kote y ap rache plim kodenn lan, poul la pa ta dwe ri. -Sa k rive gran an ka rive piti a tou. Pa janm pran plezi nan pwoblèm yon lòt moun - li ka rive ou tou.

Kòdenn di: “tèt pa m ak tèt pitit mwen,” men jou li angaje, li di tèt pa l ase

Se mwen menm ak pitit mwen an - jiskaske jou a fini, epi li pou kont li. RD.

Kote y ap plimen kodenn, poul pa ri

Nan zòn kote gran nèg ap regle bagay li yon ti malere pa dwe foure kò li.

Lè ou ap plimen poul, kòdenn pa ri

Kòdenn di: sa ki nan vant li, se li ki konte

Sa ki manje kodenn, se li ki souse zo li

Mal kou kòdenn mal, li pa dòmi sou bwa pitimi