Se lè van an ap soufle ou ka wè dèyè poul la. Se sèlman nan sikonstans byen espesyal verite yon moun parèt.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Gen bagay nan lavi nou oblije sipòte.
Se lè gen diskisyon zanmi gate osinon lè gen pwoblèm ou konn tout koze w ap konn tout sa moun ka fè.
Yon jèn chwal soufle byen fò, men sa pa fè l yon mizisyen.
Pye bannann lan se metrès van an, lè li soufle li kouche.
Fanm ak rat, se menm bagay la, yo trayi/yo se trèt.
Se pa tout gason ki ipokrit.
Kòmansman chante se sifle. "Pou kòmanse chante se sifle anvan." Ou dwe aprann mache anvan ou ka aprann kouri.
Rad kache anpil peche, men lè van an soufle, li mete anpil janm mèg an evidans.