Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun ki pa posede okenn entèlijans.
Lè yon moun fè yon bagay pou moun ka apresye l sa pa dire lontan.
Yon moun ki pa gen kapasite poutan pa gen okenn reyalite ladann.
Pou montre ke se fanm ki fè tout depans ki lakay.
Bèf la manje kann, kabrit la ap soufri.
Lè w konmanse nan travay ou jwenn mezi avantaj ou ka Jwenn osinon difikilte ou ka jwenn.
Gran kou a se lalwa. Moun ki nan pouvwa yo souvan fikse règ yo oswa aji san pinisyon.
Lajan se yon bon bagay, men ou bezwen zanmi tou.
Sa ou simen, se sa ou va rekòlte. Ou rekòlte jan ou simen an.
Twa fanm sifi pou fè yon mache. ...ka fè ase dezòd.
Gen kèk kote ou rantre ki egzije kout ke kout kèk malè oubyen kèk bagay mal ka rive.
Yon bon moun pa jwenn bon moun ki pou sèvi avè l.
Lè w'ap fè byen ak yon gason, se manman w'ap bat.
Mila pòv la se yon nèg; yon nèg rich se yon mila. Lajan se tout bagay.