W'ap fè tèt ou pase pou moun fou pou ou pa peye taks.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Je a wè; bouch la anpè/an silans. Kiryozite se natirèl, men diskresyon tou.
Yon moun ki gen pwoblèm pa anpeche lòt moun kontinye chimen l kòm sa dwa.
Vrè valè a klere menm nan fènwa.
Kèlkeswa kote ou vle ale a, se la ou prale. "Kote ou vle ale a , ou prale."
Pauls Jean-Baptiste, 2e Kout Flach paj 33.
Moun ki gen konfyans nan tèt li pèdi; moun ki dekouraje genyen.
Se manman ki mouri pou pitit yo, pa vis vèsa.
Lè kèw kontan fòk ou pa lage kò w nèt fòk ou veye pou yo pa fè la dènye sou ou.
Lè vant chat la plen, ke rat la anmè. Yon moun ka chwazi lè l gen avantaj.
Kote yon nèg ap travay se la Li ta dwe jwenn kichòy pou l pran swen tèt li.