Mande pou evite pa touye moun ki enfim nan.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun ki pa vle gen pwoblèm ak yon lot fok ou pran anpil prekosyon pou sa pa ta fet.
Lè w pran prekosyon avan chak desizyon li pi bon pase ou ta di si w te konnen.
Pou evite yon moun pa pran nan aparans li menm si li gen bèl prestans.
Si bagay twòp pouw li t ap bon si w ta mete l atè pou evite twòp tèt chaje.
Pou evite tripotay chak moun w ap pale ak li dwe gen pawòl diferan.
Ou pa dwe bay yon chen pou veye bè a. Evite mete tantasyon sou chemen yon moun.
Evite bagay ekstrèm. Twò lwen nan lès se nan lwès.
Pi bon ou ta pile sou "Pa janm" pou ou / pou ou pa pile "Si m te sèlman konnen." "Ou ta pi bon evite yon bagay fè espre pase pou w regrèt ou te fè l pita."
Wè oswa pa wè, antèman an se pou katrè. "Kèlkeswa sa k rive! Antèman a katrè apremidi. " Kit ou konnen l kit ou pa konnen, antèman an fikse pou 4è apremidi. Kèlkeswa sa nou fè, nou pa ka evite sò nou/chanje destine nou. Sò nou sele epi l ap tann nou.
Ou ap evite traka epi ou pran nan touman.
Maladi pa konnen moun ki vanyan an. "Maladi pa evite moun ki vanyan an."