Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Evite pa kapon

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #1232 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Priyè evite pa touye kokobe

Mande pou evite pa touye moun ki enfim nan.

Si w vle evite kras se benyen dri

Yon moun ki pa vle gen pwoblèm ak yon lot fok ou pran anpil prekosyon pou sa pa ta fet.

Evite miyò pase mande padon

Lè w pran prekosyon avan chak desizyon li pi bon pase ou ta di si w te konnen.

Evite, pinga avèk atansyon, pa kapab anpeche jou malè dwe fèt

Evite pa kapon

Gwo tèt pa vle di gen lespri

Pou evite yon moun pa pran nan aparans li menm si li gen bèl prestans.

Si bòt la twò jis pou ou, mache pye atè

Si bagay twòp pouw li t ap bon si w ta mete l atè pou evite twòp tèt chaje.

Dis zanmi, dis koze

Pou evite tripotay chak moun w ap pale ak li dwe gen pawòl diferan.