Ravèt la pa janm gen okenn dwa devan/li pa janm jistifye devan poul la. Fòs fè dwa. Ravèt = ti malere . Poul = lapolis ; moun ki gen mwayen wendè .
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè poul la mare, ravèt la di l yon bagay oubyen de. Lè poul la mare, ravèt la pase l nan betiz. Lè poul la mare, ravèt la ba li lòd.
Lè poul la mare nan yon fil, ravèt la ba li yon eksplikasyon/li ba li yon leson/li reprimande l.
Lè yon moun ki ta dwe chèf li nan difikilte pou l egzèse pouvwa chèf li youn li ta dwe dirije ap fè l leson.
Nan moman fèt yo ou pa dwe envite ènmi w yo.
Fason santipèd la mache a se pa fason li kenbe ravèt.