Lè yon moun fè yon bagay pou ou, sa repoze pye ou, men se pa enkyetid ou.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun ki ede yon lòt pou fè menm bagay li te konn abitye fè yon manman ak papa fè pitit se pou edel.
Lè w voye yon moun sa fè w poze, men moun nan ka mal fè komisyon an.
Nonm sa a se yon moun ki “vole pi byen pou l pa menm touche/ateri sou li.” “Nonm sa a ka koupe w nenpòt ki lè.”
Voye yon lòt moun nan yon komisyon repoze pye ou, men se pa kè ou.
Komisyon an fè pye ou repoze, men li pa fè kè ou kontan.
Si m ap raze w, ou pa pase men w la; w ap koupe. “M ap raze w; w ap leve men w; ou ka koupe.”
Zwazo a ateri/repoze sou tout kalite branch, men li pa manje tout grenn/fwi.
Lè yon nèg ap montre li twò fò li poze vye aksyon ki dwòl anpil.
Moun sòt la mare chwal li. Moun entelijan an pa ka lage l. Moun sòt yo poze kesyon moun saj yo pa ka reponn.
Bwa pi wo di l wè lwen, Grenn pwomennen di l wè pi lwen pase l.<br />exe: Pa gen nèg dyòlè pase Frewo. Misye toujou pran pòz li konnen tout sa k ap pase nan Pòtoprens. Te gen yon aksidan ki fèt sou wout Delma a. Misye te nan zòn lan. Men, li pa t wè aksidan an. Nan demen, li al wè yon zanmi Kafou epi Janwobè vin parèt. Frewo kòmanse pale de aksidan an kòmsi l te la sou plas lè l fèt la. Misye di: A! Gen yon kokennchyenn aksidan ki fèt yèswa sou wout Delma a, se bagay grav! Yon bis Dayatsou frape yon kamyon kola. Boutèy kola fè kenken, moun bwè kola nèt ale". Janwobè di l: "Ou fin pale?". "Ou t ap poze yon kesyon sou aksidan an?", Frewo reponn li. Janwobè di: "Non, m t ap pote kèk eklèsisman sou sa. Men kijan aksidan an te ye: yon kamyon kola sot anwo Petyonvil; lè l rive bò "Cine Imperial" li pèdi fwen. Li al antre sou yon bis Dayatsou. Sèz moun nan bis la mouri. Wout Delma bloke nèt. Mwen t ap travèse pon an lè aksidan an fèt la". <br>par: Tande ak wè se de."