Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Rezilta rechèch pou “konfyans”
← Tounen nan lis prensipal la
Vòlè pa vle kamarad li pote makout

Pa gen onè nan mitan vòlè. Moun pèsonn pa ka fè konfyans, li sèten li p ap fè pèsonn konfyans. Plis gen mwens vòlè, se plis gen pou chak vòlè.

Zanmi prè se kouto de bò

Moun ki pa gen konfyans nan zanmi ki rete prè li ka fè tripotay sou li osinon pale mal paske l konn tout afè l.

Lesen pa Bondye

Lè yon moun gen gwo lwa pou pwotejel epi yon lòt ap di pou l pa met tout konfyans li nan lwa.

Se kouto sèl konnen sa ki nan kè yanm

Se sèlman kouto a ki konnen sa ki nan kè yanm/legim rasin blan an. Nou dwe fouye fon nan yon bagay pou nou ka konnen l tout bon. Pa fè moun konfyans nan aparans sifasyal yo. Se sèlman nan eprèv lavi yo vrè kalite yon moun vin parèt aklè.

Lakrentif pou Jewova se yon sous ki bay lavi

Yon moun ki gen lakrentif pou Jewova fè l konfyans nan tout bagay, E sa ap yon pwoteksyon pou pitit li.  Lakrentif pou Jewova se yon sous ki bay lavi. Pwovèb 14:26, 27, Labib, Tradiksyon Monn Nouvo