Gen de zanmi ki pi danjere pase ènmi yo
Pwovèb kreyòl ayisyen
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Gen kèk zanmi ki pi danjere pase lènmi. Fè atansyon ak moun ou fè konfyans.
Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.
Men an lonje, men an antre – fè zanmi/amitye dire/rete. "Si ou kontante w pou w sèlman resevwa, san w pa bay, w ap pèdi zanmi."
Moun ki pa gen konfyans nan zanmi ki rete prè li ka fè tripotay sou li osinon pale mal paske l konn tout afè l.
Moun ki pa gen konfyans nan zanmi ki rete prè li ka fè tripotay sou li osinon pale mal paske l konn tout afè l.
Fè zanmi ak kouto a anvan fwi ki gen gou abriko a mi. "Paske lè l mi, kouto a ap twò okipe pou sèvi w anyen." oubyen "Fè zanmi ak yon moun pandan l disponib."
Moun ki pa gen konfyans sou zanmi ki lwen lè l vin jwenn ak ou l ap resevwa w ak kè kontan.
Fòk nou pa fè aparans konfyans
Menm kay yon zanmi p'ap janm kay pa ou.