Biznis la/Sa k ap pase lakay lòt moun se yon mistè. "Biznis lakay yon lòt moun se yon sekrè."
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Bagay ki pa bagay lakay ou se difisil pou konnenl se posib gen sekrè ki fin devwale ki fè w di pawòl sa.
Bagay yon moun pa vle se posib kèk fwa li rive li ka rive lakay ou san ou pa t panse ak sa.
Tèt/bout tij kalbas la se pou mèt kay la. "Pi bon moso kalbas la se pou mèt kay la."
Pi bon bagay la dwe rezève bay mèt kay la osinon pi bon ou pi gwo kote se pou li.
Bon diven se sa ou bwè lakay zanmi ou.
Lè w poko fini yon bagay nèt al kole pa prese bat bravo ak bay felisitasyon.
Yon santiman egoyis ki fè konprann chak moun degaje l pou l viv pou kont li. <br>Chak moun ede tèt li. <br />Mwen menm k ap di ou sa. Lè yo bezwen ou, y ap mache dèyè ou tankou chyen. Rive yo fin rive, 'chak koukouy klere pou je l', y ap achte yon gwo bouldòg mete veye kay yo. Moun pa pwoche. <br /><i>varyasyon</i>: Chak koukouy klere pou je l.
Chak moun gen moun pa yo chak moun gen yon defo diferan.
Tout moun gen yon sèl zanno lakay bijouye a. Tout moun gen defo. Pèsonn pa sen. Tout moun gen yon fanmi malere. Ou pa sèl moun ki gen pwoblèm.
Pa bon al jwenn pa bon moun de byen al lakay moun de byen parèy li.
Jwe sou doub siyifikasyon " chapantye " a - chapantye ak pik vèt.
var: Chik pa respekte mèt bitasyon.<br />exe: Jeran lakou a pete yon lobo ak mèt kay la pou oto a li pa t gen tan lave. Se sa l bliye l pa di mèt kay la.
Chodyè prete a p ap kuit/eklate/pete po pwa sèk yo. "Chodyè k ap kouri a p ap bay pèsonn manje." OSWA "Chodyè/ chodyè prete a p ap gen tan pou kuit manje a." [Pwa pran anpil tan - mèt kay la ap vle chodyè a tounen.]
Aparans ou bay ka fè moun nan reflechi sou sal dwe fè.
Se la petèt li ka jwenn ki chòy pou li viv kote gen manje se la kèk moun vle ale.