Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun ki renmen bat kòl se posib pou pa jwenn anyen ditou nan fè anbisyon.
Mesye a ap bouyi dlo. "Bagay yo pa mache byen pou li ditou."
Se "Pa bay ditou" ki pa bon.
Yon sèl je/pitit se pa yon je/pitit ditou. “Pa kontante w ak yon sèl bagay/pitit ou genyen; ou ka pèdi l. Eseye jwenn yon lòt.” Eseye jwenn plis pase yon opinyon.
Pou yon moun vin rich tout bon pa mal ditou; se retounen nan pòv ki difisil. "Vin rich fasil, men retounen nan povrete se bagay la!"
Lè yon moun kwè ke Bondye ka fè kichoy pou li lè l pa gen anyen ditou pa gen mwayen pou fonksyone.
Yon pat poul pi bon pase yon ti branch bwa/kire dan. "Sa ou ka genyen an pi bon pase pa gen anyen ditou. "
Lè yon moun ap debouyel li pi bon pase lè w pap fè anyen ditou.
Pito w gen yon bagay ou pa renmen olyew pa gen anyen ditou.
Pi bon rad chire pase toutouni. Mwatye yon pen pi bon pase pa gen anyen ditou .
Yon moun ki kapab pa kapab kòmande ki dire yon moun ki pakapab ditou.
Si timoun nan mouri nan men manman l/lakay li, pa gen okenn repwòch ditou. Si yon bagay rive yon objè ki sèvi ak mèt li epi ki pa yon lòt moun, pa gen okenn pwoblèm.
Sa fè konprann veye ti fi andan kay sa pa ditou fasil.
Lè yon moun pa gen ditou li pi bon pase lè w gen yon 'm a debat'.
Li pi bon pou ou gen yon ti kras pase pou ou pa gen anyen. Li pi bon pou ou gen yon bagay pase pou ou pa gen anyen ditou.
Si bouch la pa pè manje cho, li p ap pè pawòl cho ditou.