A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #
Search:
Sèl mizik mwen k ap rete (SMMKR) pa Blaze One 2024
Yeah
Blaze One
Mantal Beat
Toujou a l aparèy
Nenpòt kote w kwaze m Eva

(1ye kouplè)
M vin nan rap a{k} rim plat
M S'on blak k ap vin act
Rapè pa fè buzz avèk talan, w ka vin crack
Si w pa t konnen Vètè, m soti nan NGS {Nouvelle Génération Squad},
Mouchwa ble, m pa t Rockffam
M pa t fanatik Barikad
M te toujou diferan, gran,
Dayè, m te pi fò ke yo,
Pi rough ke yo
Lari a ban m plis love ke yo
{W} Ka wè souvan punchline mwen drop yo domine
Dasomann a{k} woulibè fo medya vle bay ti grad
Depi sou vwa m ou gentan wè ki jwè
Vètè, m s'on gwo bidjè
Mizik mwen {s}e deba, sa fè m dekri pi gwo sijè
Rap se sa w wè m ap fè a la l pa ka komen
Se slap, se frap, se kalòt, m pa bay do men
M otantik, m lojik, flow m rèd menm pase leza
M fè egri yo parese menm pase lazy
Si w t ap kouri depi w tande non m fò w ralanti
Game nan rele m "god"
M bay rapè yo kase lezo
M se hard bway
M sote sa k day
Sou kote sa k bay
Pou sa k dry
M konte k ap vay
Lè m poste m ap high
Gwo bat nay
M fè gwo batay
Pou bloke grapyay
E bay kay
Nou bwoze sak pay
Pou m sove ak may
Pou kantite lirik m genyen pou m vomi
100 mil an ap twò piti, cheri tou rete pou w dòmi
(Mesye, mesye)
Nan 'on mond pou kò m, san fòs pou fè entèl wè l
Sèl mizik mwen k ap rete, Vètè, m s'on gòl etènèl

(Pon)
Sa se Blaze One Oh Jeff la
Blaze One Gran dosye a
Blaze One Gad 'on fanm lan
Blaze One 3 mwa nan tremal la
Di yo, sèl mizik mwen k ap rete
Yo konnen, sèl mizik mwen k ap rete
Sa se Blaze One Remèd fèy la
Blaze One Kraze lit la [Yeah!]
Blaze One Lèt konsyans lan
Blaze One Istwa D Ayiti a [SME, all day]
Di yo, sèl mizik mwen k ap rete
Yo konnen, sèl mizik mwen k ap rete

(2yèm kouplè)
A{k} konpetans m fè tout pè pale
Gangstè, tout pè rale
Yo vle mete m anfas fatra, di yo m pè bale
Tèt fware, m fè l kare.
M gen kontwòl aligratè {aligatè + gratè}
K{i} applwaye sajès pou fè basès nèt ale
Rap mwen pote chòk, m chik, m tchak, lè m tchake tchaka a
Si w trase kata a
Ekate kat la a
E pa deklare
Dekri de kan k ap fè eko
E ke, si w konn a{k} ki,
M ap fè la ke ak kran pou m pase maka a
Nèg yo disko
M fè yo distrè
M ba yo diskòd
M dis kat
'On game k ap disoud
M montre yo diskrè
Nan disgras
M ak konte distri
San fè distòsyon
Pou diplis, m ap ba yo distans pou yo diskite
Nèg yo konnen m rèd
M fè yo manyen lèd
Lè yo konnen m dead
M wè yo, m chanje dread
M fè rap fò, m fyè
Si w fit, m defye sa w fè
Fotile san fòfè
Nan fil ou, m plen fila
M ap plede file fanm
chak lè m lage feeling
K ap ba yo foli folyo
Lè m pete filè
Rap mwen fè figi w fele
Flit e fèzè
Wi m se Vètè
Di l ret bèbè
Fiste bègwè
Knowledge pa m nan depase vibe nou an
Kite fè wè
Depi mwen la nèg pap pran mic pou tcheke
Deja tout enkapab pa gen punchline pou kreke
Si w prese
Ou ka tande kout trepye
Koupe pye
So albòm nan lage
Vini pou n beke
way

(Pon)
Se Blaze One No one ded la
Blaze One Fon makaya
Blaze One Depòte
Blaze One Nèg ap bay bal pou fanm lan
Di yo, sèl mizik mwen k ap rete
Yo konnen, sèl mizik mwen k ap rete
La la la la la la la la
La la la la la la
La la la la la la la la la la la la la
La la la la la la la la la
La la la la la la la la la la la

(Sous creole101.com/lyrics)

This Lyrics has been viewed 70 times

Related Song Lyrics:
Koze Kleren by Socrate Ankorr
Istwa Dayiti by Blaze One
Kè pòpòz by Original Rap Staff
Bagay dwòl by Original Rap Staff
Whose Style is This? by Original Rap Staff

Share/Bookmark
Loading...

🔥 Creole101 Trending Music Charts Updated:

🇺🇸 Billboard Hot 100 (Top 10) Billboard
    🇭🇹 Haiti (Top 10)
      🌍 Top by Continent

                🌐 More Charts (Top 10)
                ...

                Translation and definition

                English, French, Spanish and Portuguese. Lots of sentence examples. Synonyms. Antonyms. Popular expressions.

                ...

                Reina's Book Series for Children

                Check our book What I can do with my hands in multiple languages...
                Over 25,000 entries in the database. Updated every week!