Koze kleren pa Socrate Ankorr (2020)
Bon, Socrate, ou dòmi sou, w leve sou?
King Keyòl Beats
Anh! Ou leve atò!?
Bon, Socrate, ou dòmi sou, w leve sou?
Kote m ta prale m ranmase mango lannuit sa a?
M pa bwè, m pa sou,
Men m deranje
King Gras, m devan an, {t}ande?!
Rele m Ra
King Kreyòl Beats
(1ye kouplè)
Nou plis panse pou abiman
pandan nou kite tèt vid.
Nou plis panse pou yon sèl jou
pandan nou bliye rès vi n.
Nou plis panse pou pòch,
Nou pa panse pou pwòch.
Pou satisfaksyon, plezi, sèks
Wete?! N panse pou wòch.
Isi, w te mèt fè pi gwo klas,
depi w dyaspora w pi wo.
Ou te mèt sanble ak djyab
Depi w gen kòb ou pi bo.
Ou ka pi kout, ou pi wo.
Ou ka pi bandi w, w pi slow.
Jan Jezi te di l,
Moun ki pi piti pi vo.
M pa vin devwale sekrè,
Ni se sa k pale sekrè m
Pou w wè l si l s' on manm
Pa dwè ke la w pral wè
Yon moun ki siyen Jolibwa,
Pa fouti di w non l.
Pale fransè ak moun ki sòt,
Li pa fouti di w non.
Si w ap vann pwodui pou douko
W ap wè pil moun k ap tcheke w.
Men f'on bibliyotèk pou w wè
Pousyè sèlman k ap tcheke w.
M voye dlo anlè,
M pa vle pyès moun mouye.
Avan w pal{e} 'on moun k ap travay mal,
Ou menm, di m ki moun ou ye!
(Refren)
(King Kreyòl)
Lè w pale anpil,
Y ap di w se sou ou sou.
Lè w pa pale, w trankil,
Y ap di w se sou ou sou.
Si bourik di w li pap bwè dlo,
Pa fòse l.
Se tòti ki montre moun kote
Pou l kòche.
Lè w pale anpil,
Y ap di w se sou ou sou.
Lè w pa pale, w trankil,
Y ap di w se sou ou sou.
Si bourik di w li pap bwè dlo,
Pa fòse l.
Se tòti ki montre moun kote
Pou l kòche.
(2yèm kouplè)
Tout moun bezwen devan,
Men podyab.
Fanm pa ka travay,
Si yo pa bay po devan.
Ou te devan, sanzatann,
Ou wè l pase devan w.
Y ap fout ou dèyè,
Si w ap fè rasis pou dèyè w.
Y atis, li gen pwòp feel li
Epòk gen pwòp stil li
W ap toujou wè l pa bon
Si depi avan w pa t feel li
Sa k pap regle anyen
Toujou vle detui sa k ap fè efò.
Si w fin konnen w pap pratike
w a di m kòman pral fè ret fò.
(King Kreyòl)
Isit, se deviz nou ki vle fè n konprann
ke nou pi fò ansanm nan.
Men, gen eleman m wè k enpòtan ke ansanm nan.
Se lang fransè y ap sakrifye nan Chanm nan.
Tout avwa ti machann yo k ap pase nan sann nan.
Isit se vwazen ak lanfè a.
Lè n pa ret richès ankò, nèg yo pral vann tè a.
Olye youn genyen, nou pito tout pèdi.
Nan plede suiv tenten menm rèv nou nou pèdi.
(Refren)
(King Kreyòl)
Lè w pale anpil,
Y ap di w se sou ou sou.
[Èske n ka pa pale?!]
Lè w pa pale, w trankil,
Y ap di w se sou ou sou.
[Èske n ka pa pale?!]
Si bourik di w li pap bwè dlo,
[M konnen n pral di m: Koze kleren!!!]
Pa fòse l.
Se tòti ki montre moun kote
Pou l kòche.
[Mwen pap rete san m pa pale!]
(King Kreyòl)
Lè w pale anpil,
Y ap di w se sou ou sou.
[Èske n ka pa pale?]
Lè w pa pale, w trankil,
Y ap di w se sou ou sou.
[Èske n ka pa pale?]
Si bourik di w li pap bwè dlo,
[M konnen n pral di m: Koze kleren!!!]
Pa fòse l.
Se tòti ki montre moun kote
Pou l kòche.
(3yèm kouplè)
Kòman w pral fè l renmen lekòl
si w fini ou pa sou anyen.
M pa kwè nan mwayèn jè fi,
Direk{tè} yo twò sou manyen.
Medam yo pito madan Papa, "oh!, ti blòdè (brother) yo fèzè!"
Bagay la se ban m, m a ba w,
lepè yo pa vle fè zèv.
Yon filozòf k ap ouvè kò l,
ap travay pou kout poud.
Yon fanm ki konnen l bèl,
pa nan fo cheve ni kouch poud.
Piti pastè a nan lòt lekòl,
Legliz la g'on pitit fidèl.
L ap reve 2 moun marye,
se pa piti li ak 'on fidèl.
Ayiti, peyi frankofòn,
men gran paran m pa pale l.
Sa k ap fè zuzu monte do l,
règ gramatikal y ap kale l.
W ap kale l!?
Paske l ap fè betiz devan w,
Epoutan devan je l la
ou pa t janm met jesyon nan devan w.
(King Kreyòl)
Ah, Socrate, monchè!
Ou di twòp koze, man!
Ou pa wè valè moun k ap tande w la,
Taisez-vous, monchè!
(Socrate)
Ou wè li, King Kreyòl!?
- En hen!
- Pa gen anyen k ap fè m Taisez-vous la!
Dayè, m pa..., m pa..., m pa...,
m pa wete..., m pa...,
M pa bwè kleren {ak lajan} nan pòch pyès moun!
(Sous creole101.com/lyrics)
Related Song Lyrics:
Istwa Dayiti by Blaze One
Kè pòpòz by Original Rap Staff
Bagay dwòl by Original Rap Staff
Sèl mizik mwen k ap rete by Blaze One
Whose Style is This? by Original Rap Staff
English, French, Spanish and Portuguese. Lots of sentence examples. Synonyms. Antonyms. Popular expressions.
Check our book What I can do with my hands in multiple languages...
Over 25,000 entries in the database. Updated every week!
Love, friendship, lovers, nice words, Jehovah, The Bible, Love SMS, SMS emoji