(Alleluia Amen-BIC, 2020)
BIC
Alelouya
Amen
Aaaamen
An an
Se pa mwen k renmen Bondye
Se Bondye ki renmen m
Mwen pa gen pwoblèm ak asanble
Men legliz la se mwen menm
Si papa m se Wa,
Pou ki w ap preche m lapovrete
Nan yon espas beni pa ta dwe gen plas pou pòv rete
M pa pastè, m pa predikatè, m pa pè, m pa djak
M pa misyonè, m pa yon sèvitè m pa yon pip tabak
M reyalize nan kèk kout 'béni soit l'Éternel'
Gen kretyen k pa renmen Bondye
Yo jis ta renmen al nan syèl
Jida fè byen pou Kretyen
Kretyen pa konprann Jida
Yo pale l mal men, frè ze sè, ki lè n ap kite jouda
Labib mande pou nou renmen
Menm sa k rayi nou tout tan
Sou ki baz biblik nou rayi Satan
Nou aprann Kretyen pou yo pè richès
Nou aprann yo pou yo pè lajan
Nou aprann yo viv ak minimòm manje, dlo glase sèlman
Si yon semèn w al nan jèn 5 jou sè ke w priye twòp
Kretyen w bezwen travay pou w fè lajan
Depi se lajan pwòp
Paske pou achete yon Bib ou bezwen lajan
Yon Chants d'espérance ou bezwen lajan
Pou bay ladim nan asanble a ou bezwen lajan
(Alelouya)
Pou vizitze Jerizalèm ou bezwen lajan
Si w di m richès ap anpeche w sèvi Bondye nòmalman
M ap di w Bondye pa t gen pwoblèm ak richès Wa Salomon
Li pa yon pwoblèm pou yon kretyen posede anpil lajan
Pwoblèm lan se si se lajan k posede w
[Refren]
Alelouya
Alelou
Alelouya
Alelou
Alelouya
Alelou
A a a amen
Alelouya
(Alelouya)
Alelouya
(Alelouya)
Alelou
(Alelou ou...)
Alelou
(Amen amen)
A aaa amen
Yon Bondye k pa marye ki fè Jezi ki pa marye nonplis
E ki ba nou yon pè ki pa marye pou marye nou anplis
Biza
Menm jan ak yon pastè k ap ankouraje nou marye
Men si n pa gen lajan nou pap ka marye ak pitit li
Kretyen, pandan w ap ouvè je payen fòk ou kale je w
Konbyen fwa w te gen azoumounou pastè a te vin lave je w
Sispann jije fidèl sou prezans yo nan asanble a
Lè pa gen sèvis ou ka sezi wè sa yo sanble a
Mwen tèlman renmen Bondye
Mwen pa ka renmen la relijyon
La relijyon anpeche m sèvi Bondye
Kidonk mwen depoze la relijyon atè
Menm jan ak kèk pwofèt Tizon Dife gen yon misyon sou latè
Se sa k fè m vin ouvè je w sou kèk pastè, kèk ministè
K ap mande w pou ret pòv pandan yo posede tout bagay
Di w byen materyèl pa nesesè men yo posede plizyè kay
Yo mande w ladim chak mwa, plizyè lakòlèt nan yon sèl sèvis
Anvlòp pou konstwi tanp la men yo pap janm ede chache travay
Si jiska prezan chak jou w ap priye pou yon plat manje
Ou g'on pwoblèm byeneme, degaje w rezoud li ak Bondye
Bondye kreye latè ak tout richès li pou n ka banbile
Si w pa ka manje, gen lè se ou k pitit Djab gen lè w deja boule
Nou vle fè m pè Bondye o, wi, m pral nan lanfè
Kretyen pi pè pastè pase Bondye.. Ala zafè!
Nou ipokrit menm antre nou, nan asanble a
M pa ta sezi si n ap pale mal Tizon Dife a
M ap viv yo vi mwen renmen, yon vi Bondye apwouve
N ap viv yon vi nou pa renmen nou vle se Bondye ki pou chanje l
Bondye ba w lavi, li ba w sante. Ki sa l te dwe w ankò?
Chita tann, tann Bondye
Lè w mouri, w a viv ankò
Kè m ranpli ak Bondye
M pa gen plas nan kè m pou m rayi lèzòm
M tèlman gen Bondye bò kote m
Lè m gad nan glas m wè plis pase mil òm
Manman, w a padone m si m pa chita nan yon asanble
Misyon pa m se sou teren se brebi egare yo m ap rasanble
Apre Dye, se ou k ban m lavi men se Bondye ki deside
E L deside m se yon powèt ak yon pwezi k pap desoude
Ou tande
Si Bondye fyè de mwen
Pou ki legliz boude
Dayè, aprè Gospel
BIC se yonn nan atis yo ka tande
[Refren]
Si deyò w bèl, pwòp epi anndan w sal
Ou gen pwoblèm
Paske ou se egzateman definisyon Matye 23 vèsè 27
[Refren]
Si w nan yon asanble pou lafòm
Se kòve w ap fè
W ap pèdi plezi ki nan mond sa
W ap pèdi lavi ki nan lòt vi a
Kidonk w ap pèdi de a zewo
Avan match lavi a fini
Deside w, byeneme
Related Song Lyrics:
Thug Angels by Wyclef Jean
Fanm Kreyòl by Wyclef Jean
Haiti by Sarodj Bertin
English, French, Spanish and Portuguese. Lots of sentence examples. Synonyms. Antonyms. Popular expressions.
Check our book What I can do with my hands in multiple languages...
Over 25,000 entries in the database. Updated every week!
Love, friendship, lovers, nice words, Jehovah, The Bible, Love SMS, SMS emoji