Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Rezilta rechèch pou “chak”
← Tounen nan lis prensipal la
Chak koukouy klere pou je l

Yon santiman egoyis ki fè konprann chak moun degaje l pou l viv pou kont li. <br>Chak moun ede tèt li. &lt;br /&gt;Mwen menm k ap di ou sa. Lè yo bezwen ou, y ap mache dèyè ou tankou chyen. Rive yo fin rive, &#39;chak koukouy klere pou je l&#39;, y ap achte yon gwo bouldòg mete veye kay yo. Moun pa pwoche. &lt;br /&gt;&lt;i&gt;varyasyon&lt;/i&gt;: Chak koukouy klere pou je l.

Plase leta se cheval papa; se pou chak moun fè yon kou

Chak pozisyon nan gouvènman an/eta a se chwal/montaj papa a. “Tôt ou ta, yon lòt moun pral monte sou li.” oubyen “Pozisyon gouvènman yo anba kontwòl dirèk chèf leta a. Ou ka la jodi a; mwen ka la kote ou ye demen.”