Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun k ap redi pou l reyalize yon bagay ki nesesè k ap fè l pa ti kras jouk tan li rive fè l.
Yon moun ki konn abitye fè bon bagay men moun li fè yo pa fè l menm jan avè l se menm jan tou yon manman ak yon papa ki fè pitit ki pa gen menm santiman avèk yo.
Lè yon moun pa vle konsèy yo bal kita dwe bon pou l.
Sa ki nan men ou se sa ki pou ou. "Zwazo nan men vo de nan raje."
Youn ale ak lòt la.
Chak ravin trennen desann ak pwòp debri li yo.
Sa m wè pou/kont ou, nèg Gine a/voyan an pa wè l. Ou pral nan gwo pwoblèm.
Bat prèt la pou jwenn rad prèt la - sa vle di, ou p ap jwenn anpil.
Se ke a ki swiv kò a - pa vis vèsa.
Yon moun ki gen chay ki gen responsabilite ki jije ki pa twòp di pou li.