Travay pou kò ou, men manje ak moun
Pwovèb kreyòl ayisyen
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Travay poukont ou, men pataje lè repa ou yo.
Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.
Moun ki pa kapab k ap travay bay moun ki miyò pase yo. <br>Ki kalite peyi sa a, mezanmi! Moun k ap redi touye tèt yo anba travay, se plio k ap jwi. Se mouri abitan ap mouri nan travay, men se nèg lavil k ap banboche sou sa l ap fè. Se sa pawòl la di wi: 'Bourik travay, cheval garyonnen.' ".
Si ou pa travay, w ap vòlè/fè move zak. ... w ap antre nan pwoblèm. Men parese kreye mechanste.
Pa kite yon travay ki sanble akablan fè w pè twòp. Yon pa alafwa.
Sa montre ke moun gen plis enpòtans ke travay si yon moun pa ka travay li pi bon pou w rete san travay.
Lè ou pa sèvi ak tèt ou, ou soufri.
Pawòl sa se ankouraje moun k ap travay di epi li konseye sila yo ki pa vle travay plis w ap travay plis ou ka vin rich.
Ou dwe travay pandan lajounen si ou vle manje lannwit. Travay di mennen nan rekonpans.
Moun mouri, men travay pa janm fini. Lavi kontinye malgre pèt pèsonèl.